Ki sa m ka fè si gen yon erè nan pèman kotizasyon m yo?

Si w detekte yon move enfòmasyon oubyen nenpòt bagay ki pa klè, n ap enfome w kounye a solisyon w genyen kò opsyon.

Si w ta avèti gen enfòmasyon ki pa kòrèk nan pèman kotizayon yo, ou kapab fè bagay sa yo:

  • Premyeman, antre nan Biwo Anliy Afilye yo ak kòd sekrè AFC a oubyen ClaveÚnica a. Aprè sa, klike nan espas “Dènye kotizasyon ki deklare” ak “Kotizasyon ki ka peye”. Toule de ap montre enfòmasyon ki ajou konsènan pèman kotizayon patwon fè nan AFC.
  • Dezyèmman, enfòme patwon oubyen ansyen patwon an konsènan erè a, paske si ki gen responsblite ak obligasyon pou peye kotizasyon yo ann akò ak nòm ki egziste yo.
  • Twazyèmman, si w pa resevwa repons nan men patwon an, oubyen enfòmasyon an pa sifi, ou ka mande rezoud sa nan sesyon pèsonèl la nan Biwo Anli afilye yo, seksyon “Pwosesis mwen yo” > Kotizasyon m yo> Kotizasyon ki pa peye yo.
  • Ou kapab fè pwosesis sa a tou an pèsòn nan nenpòt biwo AFC chile. Pa bliye, ou kapab planifye vizit ou anvan oubyen rezève lè nan lyen sa a.