Bilten enfòmasyon: senp e fasil pou revize

Konnen tout ti detay sou bilten enfòmasyon Asirans Chomaj la ak ki jan w ka mande l sou fòm elektwonik.

Chak ane w ap resevwa nan men AFC Chile, 2 bilten enfòmasyon chak 4 mwa ak youn chak ane, ladan yo w ap ka konnen woulman ki fèt sou Kont Endividyèl Chomaj ou pandan peryòd sa a.

  • Bilten chak ane: Yo voye l an fevriye e li enfòme woulman ki fèt sou Kont Endividyèl la pandan ane anvan an. Y ap voye l sèlman si te gen woulman ki te fèt nan peryòd sa a.
  • Bilten chak 4 mwa: Yo voye l an jen ak an oktòb e li enfòme mouvman ki fèt sou kont lan soti janvye pou rive avril e soti me pou rive out. Y ap voye yo sèlman si te gen omwen 2 kotizasyon ki peye pandan peryòd sa yo.

Nan videyo ki vin aprè a ou kapab konnen kèk ti detay sou bilten enfòmasyon w lan

Fè demach sa a byen fasil e rapid toutpandan w ap mete imel ou ak nimewo telefòn ou ajou nan biwo anliy pou afilye yo oubyen ou kapab rele sant atansyon an: 44 202 1100 / 800 800 232 .

 

 

Pou nou kapab kenbe enfòmasyon w yo an sekirite, bilten an vini sou fòma PDF avèk yon kòd ki kapab ouvè ak yon kle ki koresponn ak nimewo “rut” ou konplè san tirè ni pwen. Si l fini avèk lèt k, ou dwe itilize lèt miniskil. Pa egzanp: 9999999k.

Pou kapab ouvri bilten enfòmasyon an sou imel ou, ou dwe asire w ou genyen vèsyon Adobe Acrobat 7.0 a ajou, keseswa sou yon òdinatè oswa sou selilè w.

Tout bilten enfòmasyon yo disponib nan biwo anliy afilye yo, kote w kapab wè tout detay woulman ki fèt sou Kont ou epi verifye si yo byen peye kotizasyon yo ansanm ak lòt enfòmasyon ankò.

Ou kapab retire lajan ki sou kont ou yo enfòme nan bilten an sèlman si w pap travay.

Si w ranpli tout kondisyon yo, ou kapab fè demann pèman Asirans Chomaj ou a pa mwayen Kont Endividyèl Chomaj la oubyen pa mwayen Fon Solidè Chomaj la.

Li pwobab se paske gen yon bès nan ranman fon yo, akoz mache yo pa stab. Sepandan, fon ki gen sou kont lan pa mwayen pèman kotizazyon yo, pa varye e yo parèt an diferan vèsman.

Lè yo envesti yo, yo kapab chanje chak jou yon fason pozitif oubyen negatif, rezon ki fè w kapab wè gen yon bès nan rannman peryòd ki enfòme a.

Valè sa a pa vrèman enpòtan, sa k pi enpòtan se varyasyon yo fè nan yon peryòd byen detèmine, sa kivle di rannman fon w yo ap jwenn.

Enpòtam: Toujou verifye detay sou kont ou nan Biwo anliy AFC Chile.