Ki jan m ka konnen si m kontinye kotize aprè m fin pran retrèt?

Verifye nan ki ka ou ka kontinye kotize nan Asirans Chomaj la e ki sa pou fè si patwon w lan peye kotizayon aprè w fin pran retrèt.

Travayè ki pran retrèt yo pa ka resevwa benefis Asirans Chomaj la, pou sa yo pa dwe kontinye kotize, eksepte sa ki pran pansyon poutèt yon andikap anpati oubyen yo se travayè k ap travay kay moun.

Si w se yon pansyonè e w kontinye travay, ou dwe enfòme patwon w lan sa yon fason pou l ka evite peye sa l pa dwe peye.

Ki sa k ap pase si AFC resevwa pèman kotizasyon pou yon travayè ki pran retrèt?

Ap gen pèman ki pa t dwe fèt, e yo dwe remèt lajan sa yo bay travayè a ak patwon an.

Sa pou pa bliye

Pou ranbousman pèman ki pat dwe fèt yo

AFC ap enfòme w sa e l ap fè ranbousman an otomatikman si sa koresponn e si l gen tout enfòmasyon pèsonèl ou yo.

Ou kapab verifye nan Biwo anliy nan seksyon “kotizasyon ki pa parèt yo”, si w gen pèman ki pat dwe fèt epi fè demann ranbousman an san w pa bezwen prezante okenn dokiman.