Benefis

Konnen ki dwa w genyen antantanke afilye, karakteristik Kont Endividyèl Chomaj la ak enfòmasyon sou fason pou retire fon yo.

Enpòtan

Modifikasyon kondisyon ki la kounye a pou Asirans Chomaj la gouvènman an fèk fè konnen an, koresponn ak anons yon demach ki dwe fèt anvan nan Palman an.

Sou menm sit la, n ap enfòme nan lè ki apwopriye sou nenpòt chanjman legal ki fèt nan benefis Asirans Chomaj yo.

Afilyasyon nan Asirans Chomaj la se yon bagay ki pou toutan e li pa ka elimine. L ap fini sèlman lè afilye a pran retrèt oubyen li mouri.

Afilye yo ap resevwa avantaj ekonomik ak lòt avantaj nan domèn sante, sosyal ak asiyasyon fanmi selon fon yo chwazi pou touche benefis la (Kont Endividyèl Chomaj oubyen Fon Solidè Chomaj).

Ak ki benefis mwen gen dwa kòm afilye?

Afilye nan Asirans Chomaj yo gen dwa ak:

Kont Endividyèl Chomaj (KEC)

  • Se kont AFC Chile bay chak travayè kote yo anrejistre fon ki soti nan kotizasyon yo peye chak mwa yo, ki se kontribisyon travayè a ak patwon an, lè se yon kontra endefini, oubyen kontribisyon sèlman patwon an nan ka yon kontra pou yon tan fiks oubyen pou tan travay la ap dire.
  • Li pèsonèl e li inik, kèlkeswa kantite travay ak patwon afilye a genyen, oubyen kèlkeswa kantite fwa li deja touche asirans chomaj la.
  • Fon ki rasanble nan KEC a gen yon enterè e yo pa peye enpo lè pou retire l.
  • Lè yon moun pran retrèt, li kapab retire nan yon sèl vèsman tout fon ki te sere oubyen li ka transfere l sou kont AFP a, eksepte afilye ki gen yon adikap anpati yo.
  • Ou kapab enskri benefisyè w yo pou yo kapab eritye lajan ki sou kont lan lè w mouri.
  • Swen sante pa mwayen fonasa toutpandan w ap resevwa pèman yo.

Retrè fon yo

Ou kapab resevwa ant 1 ak 13 pèman, depi kantite ki sou kont lan pèmèt sa. Nan ka kote li pa ase, ou kapab chwazi konplete l ak finansman Fon Solidè Chomaj la depi koz travay la fini a koresponn ak kondisyon yo mande yo.

Premye pèman an koresponn ak 70% mwayèn:

  • Si w te gen yon kontra pou yon tan fiks: 6 dènye salè anvan dat travay la fini.
  • Si w te gen kontra endefini: 12 dènye salè anvan dat travay la fini.

Depi 2yèm pèman an montan yo ap desann nan yon 55%, 45%, 40%,35%, 30% jiskaske fon ki sou kont lan fini.

Fon Solidè Chomaj (FSC)

  • Se yon fon komen, pwopriyete tout afilye nan AFC Chile.
  • Tout travayè ki pa gen ase fon sou Kont Endividyèl Chomaj yo pou finanse valè minimòm chak pèman, kapab jwenn Fon Solidè Chomaj la jan sa di nan lwa a.
  • Anplis de sa yo dwe ranpli ak kèk koz fen relasyon travay la: Bezwen antrepriz la, patwon an fè fayit, dat kontra a rive nan bout li, travay oubyen sèvis ki te akòde nan kontra a fini, ka enprevi oubyen ka grav.

Kòm benefis fon sa a, afilye a kapab gen aksè ak:

  • Swen sante: pa mwayen Fonasa.
  • Kontribisyon nan AFP: Li koresponn ak 10% pèman chak mwa ki fèt la.
  • Asiyasyon fanmi: Pou moun ki twouve yo nan ranje revni 1 ak 2.
  • Kou fòmasyon gratis ak sipò k ap ede  jwenn travay aprè enskrispsyon nan Ajans Nasyonal Travay (BNE). Li enpòtan pou enskri nan BNE kòm kondisyon pou kapab gen aksè ak benefis Asirans lan. Verifye “Kondisyon pou kapab gen aksè“.

Retrè fon yo

Ou kapab resevwa 3 pèman, si w gen yon kontra pou yon tan fiks, oubyen 5 pèman si w gen yon kontra endefini.

Pèman ak kantite

Kontra pou yon tan fiks oubyen pou tan chantye a ap dire

Mwa

% mwayèn salè 10 dènye mwa yo

Valè enferyè

Valè siperyè

1

60%

$211.152

$703.840

2

40%

$140.768

$469.228

3

35%

$123.173

$410.174

Kontra endefini oubyen moun k ap travay kay moun

Mwa

% mwayèn salè 10 dènye mwa yo

Valè enferyè

Valè siperyè

1

70%

$246.344

$821.147

2

60%

$211.152

$703.840

3

45%

$158.364

$527.879

4

40%

$140.768

$469.228

5

35%

$123.173

$410.574

Pèman anplis

Si w toujou pap travay e fon w yo fini, kèlkeswa tip kontra w genyen, ou kapab jwenn 2 pèman anplis nan Fon Solidè Chomaj la, lè Enstiti Nasyonal Estatistik la enfòme To Nasyonal Chomaj la depase pou 1 % mwayèn to chomaj 4 dènye ane yo.

Toude pèman sa yo koresponn ak 30% salè a, jan yo detaye sa nan tablo a:

Pèman anplis Pousantaj salè Valè enferyè Valè siperyè
Premye 30% $105.575 $351.920
Dezyèm 30% $105.575 $351.920

 

An total, chak afilye kapab resevwa 10 pèman nan Fon Solidè Chomaj la nan yon delè 5 an. 

Ki sa k vin apre sa?