Preguntas frecuentes

W ap afilye nan asirans Chomaj la si w se yon majè ki gen yon kontra ki anba règleman kòd travay la oubyen Asistan Edikasyon Piblik yo e gen yon kontra aprè 2 oktòb 2002.

Si w te gen yon kontra anvan 2002, pa gen obligasyon pou afilye, men ou ka fè sa volontèman ak tout libète w.

Ou kapab fè pwosesis afilyasyon nan asirans lan toutpandan w ap ranpli fòmilè afilysayon ki sou sitwèb la epi prezante l nan nenpòt biwo AFC. Anplis de sa ou dwe ajoute:

Fotokopi kat idantite w ki ajou toule de bò. Kòm mezi tanporè, yo pwolonje kat idantite chilye ki ekspire ant 2020 ak 2021 jiska 31 desanm ane sa a.

Kontra travay oubyen nenpòt dokiman ofisyèl avèk tout enfòmasyon travay la ak dat ou antre ladan l.

Kòm afilye, ou gen dwa pou touche Asirans Chomaj la nan Kont Endividyèl Chomaj la oubyen nan Fon Solidè Chomaj la. Nan toule de ka yo, ou dwe ranpli kondisyon yo. Kòm benefisyè, ou menm tou, ou kapab resevwa èd sosyal ak sante. Si w ap resevwa Asirans lan pa mwayen Kont Endividyèl la oubyen Fon Solidè Chomaj la, w ap toujou jwenn èd sosyal pa mwayen FONASA toutpandan w ap touche Asirans lan.

Si w ap resevwa Asirans lan pa mwayen Fon Solidè Chomaj la, w ap toujou jwenn èd sante pa mwayen Fonasa toutpandan w ap touche asirans lan. W ap jwenn tou asiyasyon pou fanmi (tranch A ak B).

Kou fòmasyon gratis.

Èd pou kapab jwenn travay pa mweayen enskripsyon nan BNE.

AFC ap transfere bay AFP kotizasyon ki koresponn ak 10% montan pèman Asirans Chomaj la.AFP  p ap touche komisyon pou sa. Konsa, w ap ka kontinye sere lajan pou lè w pran retrèt menmsi w pap travay.

Ou dwe verifye kotizasyon yo, si w ranpli kondisyon yo, ou kapab fè demann nan 100% anliy pa mwayen Biwo Anliy afilye yo avèk Rut ou e kòd sekrè aksè pèsonèl ou oubyen ClaveÚnica leta a.

Konnen ki kondisyon w dwe ranpli pou kapab touche Asirans Chomaj la.

Travayè etranje ki poko gen kat idantite kapab fè sa ak Nimewo Idantifikasyon pou Kotize a (NIC).

Ou kapab touche Airans chomaj la nan Biwo AFC Chile yo. Pou sa, ou dwe planifye vizit epi pwograme yon lè pou yo ba w atnasyon.

Pou toule de ka yo, w ap bezwen kat idantite w ki ajou (*) ak papye dedomajman n oubyen nenpòt dokiman ki demontre w p ap travay.

(*) Yo pwolonje dat ekspirasyon kat idantite ki ekspire ant mas ak desanm 2020 oubyen ant mas ak desanm 2021, jiska menm dat ak mwa 2022. Pou kat ki ekspire an janvye oubyen fevriye ane 2020, ane 2021 oubyen ane 2022, yo pwolonje jiska menm dat ak menm mwa ane 2023.

Chak ane AFC ap voye bilten enfòmasyon ak mouvman e pèman kotizayon patwon w yo fè.Anplis de sa, l a´voye 2 bilten enfòmasyon, an jen ak oktòb, depi gen mouvman ki fèt pandan 4 mwa nan ane a. Ou kapab antre nan Biwo anly epi verifye tout bilten enfòmasyon yo ak fon ki disponib.

Antre kote di “Mande kòd sekrè” oubyen “Rekipere” nan kote w gen youn oubyen w pa sonje l.Ranpli tout enfòmasyon yo mande yo: Rut, n° dokiman an oubyen n° seri a, ki sou kat idantite a, anplis de sa mete imel ou. Y ap voye nouve kòd sekrè nan yon mesaj sou imel ou.

Pou kapab mande oubyen rekipre “ClaveÚnica” leta a antre sousitwèb: https://claveunica.gob.cl.

Yo kapab eritye lajan ki sou Kont Endividyèl Chomaj ou a, nan ka lanmò, y ap remèt benefisyè w yo oubyen eritye w yo lajan sa a, e y ap kapab retire nan yon sèl vèsman tout lajan ki sou kont lan.

Pou plis enfòmasyon,verifye: Anrejistre benefisyè w yo.

Ou se yon benefisyè oubyen w se yon eritye. Konnen ki jan w kapab retire fon yon.

Si w gen yon kontra endefini y ap sèlman retire 0,6% salè san enpo a pou Kont Endividyèl Chomaj la.

Si w gen yon kontra pou yon tan fiks patwon an ap peye tout poukont li.

Kèlkeswa tip kontra a patwon an ap peye tout kontribisyon pou Fon Solidè Chomaj la.

Yo dwe kotize pou yon travay nan Kont Endividyèl Chomaj la pou yon peryòd 11zan maksimòm. Aprè peryòd sa a, Kont lan ap ogmante sèlman ak rannman fon yo. Sepandan, patwon an dwe kontinye peye pou Fon Solidè Chomaj la toutpandan relasyon travay la toujou egzite.

Non, yo pa ka kotize plis pase lwa a etabli.

Mwen gen repo medikal, Ki sa k ap pase ak kotizasyon m yo?

Nan ka repo medikal,antite ki anchaj sibvansyon andikap travay la ap kenbe kotizasyon 0,6% an e l ap peye l pandan tout tan repo medikal la dire. Patwon an dwe kontinye peye nòmalman.

Yo dwe peye kotizayon w yo 10 premye jou ouvrab mwa ki vin apr`pèman salè a oubyen jiska 13 si sa ap fèt elektwonikman.. Si patwon an papeye, ou kapab ale nan yon biwo AFC avèk kontra w la e yon fich pèman pou kapab resevwa oryantasyon.

Wi. Lalwa aplike pou tout moun k ap travay kay moun ki gen yon kontra ki an afonksyon nan AFP yo ak pou tout nouvo kontra apati 1ye oktòb 2020. Pou sa, yo gen menm dwa ak tout afilye yo.

Yo kreye l ak enfòmasyon yo resevwa nan men AFP a oubyen avèk premye  kotizayon ki peye oubyen deklare nan AFC Chile. Yonfwa yo anrejistre enfòmasyon sa a nan sistèm nan, travayè a afilye otomatikman nan Asirans lan.

Si m transfere fon ki te sou Kont Ekonomi pou Dedomajman  (KED) AFP a, èske m ka rekipere l?

Non. Yonfwa AFC resevwa demann nan, travayè a pa ka retounen sou desizyon l.

Se yon dwa tout travayè ki gen kat idantite chilyen e ki gen yon kontra ki anba règleman Kòd Travay la. Benefis sa a pwoteje travayè lè yo vin p ap travay ankò swa paske yo demisyone oubyen yo revoke yo.

AFC kreye yon Kont Endividyèl Chomaj pou chak afilye kote fon fi sere yo se pwopriyete chak travayè.

Kòm konpleman, nou gen Fon Solidè Chomaj la (FSC) ki se yon fon ki gen kontribisyon patwon an ak leta.

Asirans lan kouvri tou benefis sosyal, previzyon sante ak asiyasyon fanmi selon fon y aop touche benefis la.

Nan ka kote travayè a pa gen kat idantite, AFC Chile ap kreye Kont Endividyèl Chomaj la, kont ki kapab verifye pa mwayen Biwo Anliy Afilye yo avèk Nimewo Idantifikasyon pou Kotize a (NIK).

Kont Endividyèl Chomaj (KEC): kont chak afilye genyen, li konpoze ak kontribisyon  pa yo ak pa patwon yo.

Èske m afilye nan Asirans Chomaj la

Si w gen yon kontra ki fèt aprè oktòb 2002 e ki anba règleman Kòd Travay la, ou afilye otomatikman nan asirans lan.

Ou kapab konsilte si w afilye nan biwo anliy pou afilye yo, kote w ap mande yon kòd sekrè sou sitwèb nou a. Nan biwo anliy la ou kapab:

  • Konsilte nan ki eta kotizasyon yo ye e jwenn sètifika.
  • Mete enfòmasyon pèsonèl ou yo ajou e ajoute benefisyè w yo.
  • Fè demann oubyen fè kòmsi w t ap mande pèman Asirans Chomaj la.
  • Fè lòt demach ki gen pou wè ak Asirans lan.

Etranje k ap travay nan Chili avèk yon travay ki anba règleman Kòd Travay la e ki gen kat idantite chilyen, gen menm dwa pou resevwa Asirans Chomaj la ak menm kondisyon yo.

AFC ap kreye Kont Endividyèl Chomaj la ak Nimewo Idantifikasyon pou Kotize a. Lè w gen yon RUT, ou dwe avize patwon an sa pou l ka byen peye kotizasyon yo.

Si w gen yon kontra pou yon tan fiks, sèlman patwon an ap peye 3% fon yo e yo p ap retire anyen nan salè w.

Si w gen yon kontra endefini, patwon an ap peye 2,4% nan fon yo e w ap peye 0,6% k ap soti nan salè w pou mete sou Kont Endividyèl la.

Si w te fè sa ak yon pèmi pou travay oubyen ak yon yon viza ki an pwosesis anvan w te gen kat idantite a, ou kapab gen lajan ki pa antre nanAsirans Chomaj la. Pou ka rezoud sa, voye yon kopi kat idantite a nan imel migrantes@afc.cl. Si gen kontribisyon, y ap voye yo sou Kont Endividyèl la.

Nan Biwo Anliy afilye yo:

  • Avèk rut ou e kòd sekrè pèsonèl ou
  • Avèk rut ou e ClaveÚnica leta a.
  • Si w poko gen kat idantite a ou kapab antre ak nimewo idantifikasyon pou kotize a (NIK).

Si w pa gen kòd sekrè pèsonèl la, ou kapab mande l nan fason sa a:

  • Nan biwo anliy afilye yo, antre kote ki di “Rekipere/mande kòd sekrè”nan ka kote w gen youn oubyen ou pa sonje l.
  • Apre sa, mete tout enfòmasyon yo mande yo: Rut, nimewo dokiman an oubyen niumewo seri a (ki sou kat idantite a) ak imel. Y ap voye nouvo kòd sekrè a sou imel ki anrejiste nan sistèm nan.
  • Si w pa gen kat idantite, ou kapab rekipere kòd la avèk NIK la.
  • Si w poko gen ClaveÚnica a, mande l nan www.claveunica.gob.cl
  • Lè w antre, sistèm nan ap montre w kantite lajan w genyen e l ap valide si w ranpli kondisyon pou kapab touche Asirans lan oubyen retire tout fon ki sou Kont Endividyèl la (benefis sa a ap rete jiska 6 oktòb 2021).

Nan nenpòt biwo AFC:

  • Ou dwe presante kat idantite w, papye dedomajman an oubyen yon dokiman valab ki montre w p ap travay.
  • Si w ap fè pwosesis la an pèsòn, planifye vizit la, e pwograme lè w ta renmen jwenn sèvis.
  • Verifye adrès nou yo ak kondisyon biwo nou yo.

Ou dwe p ap travay, ou dwe afilye nan Asirans Chomaj la e w dwe ranpli kondisyon kantite kotizasyon yo mande a ak koz ki te mete fen nan travay la.

Afilye etranje yo ak chilyen yo ap resevwa avantaj ekonomik ak lòt ankò nan domèn sante, pwoteksyon sosyal ak asiyasyon fanmi selon fon y ap resevwa pèman benefis la (Kont Endividyèl Chomaj oubyen Fon Solidè Chomaj).

Pou plis enfòmasyon, konnen plis detay nan kesyon yo plis poze pou moun ki p ap travay yo.

Y ap toujou fè premye pèman an aprè 30 jou depi dat kontra travay la fini a ak selon dat ki pre kalandriye pèman AFC a.

Si yon jou tonbe nan wikenn oubyen jou konje, y ap fè l nan jou ouvrab ki vin aprè l la.

Li pa nesesè pou fè pwosesis la tousuit aprè jou travay la fini.Ou kapab fè l jiska 10yèm  jou ouvrab san dat premye pèman an pa varye.

Si w toujou p ap travay, pa gen okenn dat limit pou fè demann nan.

Ki sa k ap pase si m bezwen touche Asirans Chomaj la e kat idantie m ekspire?

Yo pwolonje dat ekspirasyon kat idantite pou moun ki an pwosesis pou demann chanjman oubyen pwolonjman rezidans, oubyen ki an pwosesis pou jwenn rezidans definitif. Kat idantite ki te ekspire ant mas ak desanm 2020 oubyen ane 2021, ap valab jiska menm dat ak menm mwa ane 2022.

Sa ki ekspire an janvye oubyen fevriye ane 2020, 2021 0ubyen 2022, pwolonje jiska menm dat ak menm mwa ane 2023.

Pou kapab pwouve kat idantite etranje a ajou, nan moman w ap fè demann asirans lan, w ap bezwen genyen yon sètifika rezidans ki ajou oubyen jiskaske otorite migrasyon yo reponn demann nan. Se Sèvis Nasyon Migrasyon ki bay sètifika sa a, li menm ki kapab fè chanjman oubyen pwolonjman pèmi rezidans, ki montre montre gen yon pwosesis ki kòmanse.

Si w poko gen kat idantite, ou kapab bay yon lòt otorizasyon pou fè demann Asirans Chomaj la pou ou. Pou sa, ou dwe prezante manda sa a w dwe telechaje epi siyen l kay notè.

Yo bloke pèman Asirans lan lè w retounen travay. AFC Chile konn sa lè l resevwa yon nouvo avi kòmansman yon travay oubyen yon kotizasyon aprè dat dènye travay ou te genyen an te fini.

Si kotizasyon an pa koresponn ak yon mouvo travay, ou kapab rezoud sitiyasyon an toutpandan w ap prezante yon sètifika aklarasyon patwon ki peye a ap fè. Y ap evalye sètifika sa a pou yo ka aktive benefis la.

Afilye a oubyen patwon an kapab prezante dokiman sa a nan nenpòt biwo AFC Chile oubyen yo ka voye l bay beneficiossuspendido@afc.cl

Lè w pran retrèt, ou kapab retire tout lajan ki sou Kont Endividyèl lanan yon sèl pèman oubyen ou ka fè demann pou yo transfere l na fon AFP w yo.

Pou ka fè demann sa a ou dwe prezante:

Kat idantite ki ajou. Kòm mezi tanporè, yo pwolonje dat ekspirasyon kat idantite ki ekspire an 2020 oubyen 2021, jiska 31 desanm 2021.

Yo pwolonje dat ekspirasyon kat idantite pou moun ki an pwosesis pou yon demann chanjman oubyen pwolonjman rezidans, oubyen ki an pwosesis pou jwenn rezidans definitif. Kat idantite ki ekspire ant ane 2019 ak 2021, ap pwolonje jiska 28 fevriye 2022.

Nan ka kote w pa gen kat idantite, ou ka prezante paspò w ak nimewo Idantifikasyon pou Kotize a (NIK).

Sètifika pansyon.

Dènye fich pèman pansyon an.

Si w gen kòb sou Kont Endividyèl Chomaj la e w ranpli kondisyon yo, ou kapab fè demann nan nan Biwo annliy afilye yo.

Pou kapab resevwa pèman yo pa mwayeen yon transfè, li enpòtan pou konnen y ap kapab fè depo a sèlman sou yon kont bank ki egziste sou tèritwa chili.

Ou kapab mande yon lòt moun (k ap viv chili) fè demann nan pou ou, pa mwayen yon manda espesyal. Dokiman sa a dwe siyen devan notè oubyen devan ofisye deta sivil.

Moun ou chwazi pou fè demann nan dwe prezante papye dedomajman an ki koresponn ak dènye travay la. Manda ki bay yon lòt moun otorizasyon pou fè pwosesis oubyen pou touche lajan Asirans Chomaj la dwe legalize e anplis de sa AFC dwe otorize l tou. Pou sa li nesesè pou remèt manda a  nan nenpòt biwo, yonfwa biwo ki responsab la apwouve l, moun nan kapab fè demann epi touche lajan an.

Lè w mouri, y ap peye benefisyè w te deklare pandan w vivan an tout lajan ki sou Kont Endividyèl ou a. Si w pa t fè sa, y ap remèt fon yo bay, premyeman, konjwen oubyen moun ki t ap viv legal avè w, si pa gen youn ladan yo, pitit ou, paran w oubyen eritye yo selon sa ki koresponn.

Ou kapab anrejiste oubyen enskri benefisyè w yo na Biwo Anliy Afilye yo oubyen nan nenpòt biwo nou yo.

Ou kapab konsilte Sant atasnyon an nan nimewo sa yo 2573 5060, 800 800 232 oubyen 2 2353 6200, nan fòmilè Kontakte n oubyen si w bezwen plis detay sou yon pwosesis AFC chile nan lang kreyòl, ekri n nan kreyol@afc.cl

Pou kapab touche Asirans Chomaj la nan Kont Endividyèl Chomaj la (KEC), ou dwe:

  • P ap travay, kondisyon w dwe demontre avèk yon dokiman ki valide sa, tankou, papye dedomajman an ak lòt dokiman ki disponib nan lis sa a.
  • Gen yon mimimòm kotizasyon depi dat ou afilye oubyen depi dat ou te touche dènye pèman na Kont Endidviyèl la.
  • Si w gen yon kontra pou yon tan fiks, w ap bezwen 6 kotizasyon youn dèyè lòt oubyen nenpòt jan.
  • Si w gen yon kontra endefini, 12 kotizasyon youn dèyè lòt oubyen nenpòt jan.
  • Kèlkeswa tip kontra a, yo konte kotizasyon yo depi dat afilyasyon oubyen depi dènye pèman Asirans Chomaj la jiska mwa travay la fini.
  • Yo kapab youn dèyè lòt oubyen nenpòt jan ak youn oubyen plizyè patwon.

Pou fè demann Asirans lan nan Fon Solidè Chomaj la (FSC), ou dwe:

  • P ap travay.
  • Anrejistre nan kont endividyèl chomaj la yon kantite ki pa ase pou finanse pèman asirans lan.
  • Genyen omwen 12 kotizasyon ki peye. Yo konte kotizasyon yo depi lè w afilye oubyen depi dènye fwa w touche asirans lan jiska mwa anvna travay la fini a.
  • Kotizayon yo dwe sou kont lan nan 24 mwa anvan mwa travay la fini e 3 dènye dwe youn dèyè lòt ak menm patwon an.

Yo dwe revoke w pou rezon sa yo:

  • Delè kontra a rive nan bout li (Atik 159-4)
  • Travay oubyen sèvis ki te akòde nan kontra a fini (Atik 159-5)
  • Ka enprevi oubye ka grav (Atik 159-6)
  • Bezwen antrepriz la (Atik 161)
  • Antrepriz la fè fayit (Atik 163 bis)
  • Enskri nan BNE nan yon delè 4 jou aprè  w resevwa imel BNE a. Si w pa fè sa yo p ap peye w.
  • Pou ka konnen plis detay, telechaje depliyan enfòmasyon an.

Pa bliye:

  • Travayè ki mande benefis la e ki gen orè mwatye jounen, dwe prezante kontra travay la pou yo ka verifye kantite lè ki nan dokiman an.
  • Plis enfòmasyon sou kondisyon w dwe ranpli.

Si w pa gen papye dedomajman ki montre travay la kanpe, ou ka prezante lèt revokasyon an, lèt demisyon an, yon kopi kontra travay la oubyen nenpòt lòt dokiman ki parèt nan lyen sa a.

Paske se yon kondisyon pou ka gen aksè ak benefis yo. Pa mwayen BNE www.bne.cl, ou kapab resevwa òf pou travay ak fòmasyon.

Pou ka konn plis detay, telechaje depliyan enfòmasyon sa a.

Pèman an ap bloke nan ka sa yo:

Lè w vin jwenn yon travaye AFC resevwa yon avi kòmansman yon travay oubyen pèman yon nouvo kotizasyon sou kont ou.

Pèman benefis la ap kanpe tou nan ka w pa ranpli kondisyon enskripsyon nan BNE a, kondisyon ki obligatwa pou ka chwazi Fon Solidè Chomaj la.Òganizayon sa a ki anba direskyon Sousekretè Travay la, enfòme AFC si travayè a ranpli oubyen pa ranpli kondisyon yo.

Verifye plis enfòmasyon sou sa w dwe fè si pèman an bloke.

AFC ta sanble resevwa kotizasyon patwon an oubyen ansyen patwon aprè travay la fini.Si l pa koresponn ak yon nouvo travay,, ansyen patwon an kapab petèt fè sa pa erè, sa ki ka koresponn ak pèman yon bonis, lè siplemantè oubyen komisyon li te dwe w.

Pou kapab rezoud sitiyasyon sa a ou dwe prezante yon dokiman ki rele Sètifika aklarasyon patwon an dwe ba w e prezante l nan biwo anliy, ekri sou imel sucursalvirtual@afc.cl oubyen nan biwo yo.

Verifye plis enfòmasyon nan lyen sa a.

Non.Afilyasyon nan Asirans Chomaj la diferan ak sistèm sibvansyon chomaj ki nan dekrè Lwa n° 150 ane 1981 Ministè Travay ak Benefis Sosyal la.

Si yo revoke w pou bezwen antrepriz la, patwon an kapab retire lajan l te peye pou ou nan Kont Endividyèl la (1,6%) nan lajan dedomajman ki koresponn nan.

Premye pèman an ap fèt, pou minimòm, 30 aprè travay la fini. Delè sa a gen pou wè ak dat demann nan fèt la, kote w bezwen 10 ouvrab pou fè demach la ak selon kalandriye pèman AFC etabli

Yonfwa yo apwouve demann pou resevwa Asirans chomaj la, AFC gen yon kalndriye pèman, kote dat yo gen rapò ak tip demann nan. Pèman ki fèt ak finansman Kont Endividyèl la ap fèt 3,13 oubyen 23 chak tandiske pou finansman Fon Solidè Chomaj , 13,23 oubyen 30 chak mwa.

Seln sa ki di nan Lwa a, pa gen Asirans Chomaj pou:

Travayè sektè piblik yo

Fonksyonè Fòs lame ak lòd

Travayè endepandan

Travayè ki gen yon kontra pou yon staj

Travayè ki pran retrèt, ekspete pansyon pou yon andikap anpati.

Travayè ki patisipe kòm asosye (majorite oubyen egal) k ap jere oubyen ki reprezante antrepriz la.

Koz sa yo pa bay aksè nan Fon Solidè Chomaj la. Donk, si rezon an se pou demisyon oubyen akò avèk patwon an, w ap resevwa sèlman lajan ki Kont Endividyèl Chomaj la (KEC).

Enskripsyon nan BNE a obligatwa. Si kondisyon  sa a pa ranpli se koz pou yo pa peye w.Pou kapab demontre w ap chèche travay, ou dwe:

Enskri kòrekteman nan www.bne.cl

Verivye  sit la tanzantan pou chèche travay.

Postile pou omwen 50% oòf travay BNE yo

Aksepte pou asiste na omwen 50% entèvyou pou travay.

Ou pa dwe refize kou ak fòmasyon BNE ofri w.

BNE ap kreye yon kont otomatik pou ou sou platfòm nan e y ap voye l sou imel ansanm ak enfòmasyon pèsonèl ou ki sou pwofil la.

Pa w dwe suiv:

  • Aktive kont ou toutpandan w ap itilize lyen BNE ap voye sou imel ou.
  • Kreye yon pwofil itilizatè, mete enfòmasyon pèsonèl ou yo ajou epi telechaje yon cv.
  • Sa pou pran an konsiderasyon, imel ak telefòn ou mete yo dwe ajou paske se pa mwayen yo BNE ap kominike ansanm avè .
  • Si w pa gen aksè ak imelki anrejiste nan BNE a, ou dwe rele sant antasyon ki bay èd la pou rezoud ka sa a nan nimewo sa a: 224055200
  • Delè pou enskripsyon an se 96 èdtan apati jou ki vin aprè demann Asirans lan.
  • BNE ap enfòme w opòtinite travay yo ak fòmasyon yo sou imel ou oubyen pa mwayen yon mesaj tèks. Li obligatwa pou postile pou travay yo e w pa dwe refize yo.

Si w deja enskri, chak mwa ou dwe demontre w ap chèche travay toutpandan w ap resevwa pèman Asirans lan.

Pou ka verifye kondisyon yo gade enfòmasyon an la.

Afilye a gen dwa pou l jwenn asirans lan nan Kont Endividyèl la pou nenpòt rezon travay la fini. Premye pèman an korespon ak 70% mwayèn 6 dènye salè anavn dat travay la fini (kontra pou yontan fiks) ak mwayèn 12 dènye salè anvan dat travay la fini (kontra endefini).

Depi 2yèm  pèman an, montan yo ap diminye 55%, 45%, 40%, 35%, 30% jiskaske fon an fini.

Lè fon Kont Endividyèl la fini, y ap kòmasne finanse ak Fonsolidè Chomaj la. Nan ka sa a, benefis la ap fèt daprè valè maksimòm ak minimòm pou chak mwa.

Verifye plis enfòmasyon sou kalkil pèman FSC yo.

Nan ka kote w ap resevwa Asirans lan nan Fon Solidè Chomaj la, y ap aktive 6yèm  ak 7yèm  vèsman lè to chomaj INE repòte a depase pou yon pwen to mwayèn chomaj 4 dènye ane ki sot pase yo. AFC ap kominike moun ki benefisye yo sa.

Yonfwa afilye a voye demann nan sou sitla, l ap resevwa yon mesaj apwobasyon oubyen refi nan yon delè 4 jou ouvrab.Si yo apwouve demann nan, nan menm imel y ap enfòme l montan yo ak dat pèman yo.

Ou kapab chwazi fè transfè sou kont kouran, kont rut oubyen kont depay, oubyen pèman kach, pou sa ou dwe ale nan biwo Servipab oubyen nan BancoEstado.

Yo pa aksepte kont ki pou 2 moun, menm jan ak kont e kat elektwonik ki fèt sou entènèt.

Si w ap resevwa Fon Solidè Chomaj la, AFC  ap peyeAFP kotizasyon ki korepsonn ak 10% pèman Asirans Chomaj la, toutpandan w ap resevwa Asirans lan

Fon ki Kont Endividyèl Chomaj la se pworiyete chak afilye. Pou sa, lè w pran retrèt (eksepte andikap anpati), ou gen dwa pou retire tout lajan ki sou Kont Endividyèl la nan yon sèl vèsman san w pa peye enpo pou sa.

Ou kapab fè transfè tout lajan an oubyen yon pati depi KEC a pou mete sou kont pansyon AFP a. Na ka sa a, ou dwe fè demann transfè a dirèkteman nan AFP a.

Ki tip pansyon ki pèmèt mwen jwenn aksè ak benefis sa a’

Ou kapab resevwa fon Kont Endividyèl la si w parn retrèt pou rezon sa yo:

Pansyon AFP peye swa pou:

  • Vyeyès pou laj legal oubyen vyeyès antisipe.
  • Andikap total yo ka pwouve ak yon sètifika AFP remèt.
  • Andikap anpati definitif ak fon yo kenbe e ki libere, AFP dwe sètifye sa ak yon sètifika.
  • Pansyon Kès previzyon defans nasyonal (CAPREDENA)
  • Pansyon direksyon previsyon Carabineros (DIPRECA)
  • Pansyon ansyen rejim previzyon an (IPS)

Pou kapab fè demann nan ou dwe prezante dokiman sa yo:

Kat idantite ki ajou. Kòm mezi tanporè, yo pwolonje dat ekspirasyon kat idantite ki ekspire an 2020 ak 2021 jiska 31 desanm 2021.

Dènye fich pèman pansyon an. Pandan peryòd ijans sanitè a, si w pa gen dènye fich pèman an , ou ka prezante nenpòt fich pèman depi ane 2020.

Sètifika rezolisyon pansyon AFP, IPS oubyen kès previzyon yo (FF. AA, CAPREDENA, DIPRECA), ki montre dat pansyon an kòmanse ak tip pansyon an .Si sa nesesè, sètifika andikap total oubyen andikap anpati definif.

Ou dwe prezante menm dokiman ki detaye nan kesyon anvan an legalize ak sètifika ki koresponn nan, ki enfòme byen klè tip pansyon ak dat pansyon an.

Ou dwe legalize sètifika sa a nan anbasad chilyen ki koresponn nan e aprè sa nan Ministè Afè Etranjè nan chili.

Demann pèman pansyonè yo pran 10 jou oouvrab pou revize epi pou bay yon repons. Yofwa yo apwouve demann nan, y ap peye nan dat 15 oubyen 28 chak mwa (oubyen nan jou ouvrab ki vin aprè a).

Ou kapab chwazi pèman an fason sa yo:

Pou sekirite ak konfò, prefere pèman pa mwayen depo nan :

Kont rut.

Kont depay, kont kouran oubyen nenpòt lòt bank. Pa bliye, yo pa aksepte kont ki p ou 2 moun oubyen ki fèt sou entènèt..

Pèman kach nan Servipag oubyen nan biwo BancoEstado.

Si w pa ka retire fon yo, nou rekòmande w ranpli manda sa a k ap pèmèt ou bay yon lòt moun ou fè konfyans otorizasyon pou fè demach la.

Kòm pansyonè, ou p ap ka retire fon ki sou KEC a si w gen yon lòt tip pansyon tankou:

Andikap total pou yon aksidan travay ak maladi pwofesyonèl, ACHS, ISL peye.

Pansyon ki pa kotize: pansyon asitans, pansyon solidè,pansyon poutèt politik,

Andikap anpati tanporè AFP bay.

Si w gen youn nan tip pansyon sa yo e w p ap travay, ou kapab gen aksè ak benefis yo kòm travayè ki afilye nan Asirans lan.

Si m se moun k ap travay kay moun, èkse m ka jwenn asirans lan.

Lwa a valab pou moun k ap travay kay moun yo menmsi yo pran retrèt.

Ou kapab retire fon Kont Endividyèl la nan yon sèl pèman e w ka kontinye sere lajan nan Asirans lan ak nouvo kotizasyon.

Lè w fè demann retrè fon yo, ou dwe siyen yon deklarasyon jire ki fè w konnen asirans lan p ap kouvri w toutotan w pa gen nouvo kotizasyon ki ase sou kont ou. Kotizasyon sa yo dwe parèt sou kont Endividyèl la ak an Fon Solidè Chomaj la aprè dat pansyon an.

Yo p ap kapab retire kotizasyon sa yo ki parèt aprè dat pansyon an nan yon sèl vèsman, y ap sèlman gen posiblite pou fè sa selon pousantaj ki etabli nan lwa a e respekte kondisyon kantite kotizasyon yo.

Wi, pansyonè k ap resevwa yon revni tanporè pou koz maladi final kapab fè demann retrè fon ki disponib sou Kont Endividyèl la, toutpandan y ap prezante kodiman yo mande yo: kat idantite ajou, dènye fich pèman pansyon an ak sètifika AFP ki montre dat kòmansman pansyon an ak tip pansyon an.

Plis enfòmasyon pou kapab retire fon yo.