Afilyasyon

Enfòme w sou fason w kapab afilye nan Asirans Chomaj la, ki pwomesis patwon an dwe fè ak ki jan AFC kreye Kont Endividyèl la ak lòt enfòmasyon ankò.

Afilyasyon nan Asirans Chomaj la otomatik si w gen yon kontra ki fèt aprè 2 oktòb 2002, si w majè, si w gen yon kontra ki anba règleman, Kòd Travay la, Asistan Edikasyon Piblik yo oubyen ou se yon moun k ap travay kay moun. Ou pa dwe fè okenn demach. Se patwon an ki dwe:

  • Ranpli fòmilè “Avi kòmansman sèvis” la sou fòma elektwonik nan Biwo anliy patwon yo. Li kapab fè sa nan Previred.com. Nan toulè de ka yo, delè a se 13 jou aprè kontra a kòmanse.
  • Nan ka kote li ta nesesè pou fè pwosesis la nan yon biwo, yo dwe remèt fòmilè “Avi kòmansman sèvis” la nan nenpòt biwo AFC Chile nan espas 10 jou aprè kontra a kòmanse.

Èske w te konn sa?

Antanke travayè, ou kapab verifye epi konsilte si patwon an fè demach sa a nan youn nan sant atansyon nou yo:

  • Sou sitwèb la nan seksyon “Kontakte n” oubyen ou kapab mete “Rut” ou nan kote ki di “Konsilte si w afilye” a.
  • Ou ka rele sant dapèl la nan nimewo sa yo: 800 800 232 (telefòn fiks) ak 44 2021100 (selilè)
  • Nan nenpòt biwo AFC Chile.

Afilyasyon volontè

  • Nan ka kote w gen yon kontra ki anba règleman, kòd travay la, Asistan Edikasyon piblik yo, oubyen kontra moun k ap travay kay moun, anvan 2 oktòb 2002, li pa nesesè pou afilye, men, ou ka kè sa volontèman.
  • Ou ka fè pwosesis la toutpandan w ap ranpli fòmilè afilyasyon an ak Clave Única a. Si w pa genyen l, ou dwe fè sa nan biwo nou yo.
  • Nan 5 jou ouvrab, AFC ap fè w konnen si l aksepte ak si l refize demann nan. Y ap fè pa mwayen imel n ap voye bay patwon an, pou pita, jou k ap 10 nan mwa ki vin aprè mwa afilyasyon an fèt la, kote y ap ajoute kopi fòmilè demann ou te fè a.

Premye Kotizasyon

Patwon an dwe peye kotizasyon yo jiska 10yèm jou nan mwa aprè kontra a kòmanse oubyen chak 13 si l ap fè sa anliy. Si w te afilye volontèman, y ap peye kotizasyon yo nan mwa aprè patwon an enfòme sa

Kreyasyon Kont Endividyèl

Yonfwa ou afilye, AFC Chile ap kreye Kont Endividyèl ou pou pita jou k ap 15 nan mwa aprè yo peye premye kotizasyon an, nan ka afilyasyon obligatwa oubyen demann afilyasyon nan Asirans Chomaj la nan ka afilyasyon volontè.

Lajan ki rasanble sou Kont Endividyèl la ap pou ou e w ka jwenn li lè w pa p travay e si w ranpli kondisyon pou sa.

Si w plis pase yon patwon, ou kapab resevwa pèman kotizsyon divès patwon. Kont Endividyèl la ap toujou rete menm, men, ap gen fon pou chak patwon.

Sètifika Afilyasyon

Ladan l w ap jwenn dat ou entegre nan sistèm nan ak kotizasyon obligatwa yo. Ou kapab jwenn li nan biwo anliy afilye yo avèk “Rut” ou e kòd sekrè w oubyen ak ClaveÚnica leta a, oubyen nan nenpòt biwo AFC Chile.

Mwen se yon etranje: Èske m gen dwa pou m afilye?

Travayè etranje k ap viv nan peyi a e ki gen yon travay ki anba direksyon Kòd Travay la gen dwa pou yo afilye nan Asirans Chomaj la nan menm kondisyon ak benefis chak travayè, pou sa afilyasyon an fèt otomatik si w gen yon kontra aprè 2 oktèb 2002.

Si w poko gen kat idantite, patwon an ap itilize NIC ( Nimewo idantifikasyon pou kotize) travayè. A. Yonfwa w gen kat idantite enfòme AFC sa nan seksyon Kontakte n.

Ki sa k vin apre sa?