Ki sa Asirans Chomaj la ye?

Asirans Chomaj la se yon dwa ki pwoteje travayè ki afilye yo nan ka kote yo ta vin pap travay.

  • Koz volontè (demisyone)
  • Koz envolontè (revokasyon oubyen Kontra a fini)

Ki benefis li bay?

Afilye yo resevwa benefis ekonomik ak lòt ankò nan domèn sante, sosyal, previzyon ak asiyasyon fanmi selon fon l ap resevwa benefis la (Kont Endividyèl Chomaj oubyen Fon Solidè Chomaj). Depi w afilye ou afilye nèt e w pa ka deziste. Li fini sèlman lè afilye a pran pansyon oubyen li mouri.

Ki sa m dwe pran an konsiderasyon pou m kapab gen aksè ak Asirans Chomaj la?

  • Ou dwe afilye nan AFC Chile.
  • Ou dwe gen yon kontra ki anba direksyon Kòd Travay la nan moman w pap travay la oubyen anba règleman Asistan Edikasyon Piblik yo oubyen si w se yon moun k ap travay kay moun.
  • Ou dwe gen kat idantite chili.

Pou yon afilye kapab gen aksè ak Asirans lan li dwe:

  • Demontre li pap travay pa mwayen youn nan dokiman lalwa mande (papye dedomajman, lèt revokasyon, lèt demisyon ak lòt ankò)
  • Genyen yon minimòm kotizasyon depi dat afilyasyon an oubyen depi dènye pèman nan kont endividyèl chomaj la selon si travayè a gen kontra endefini oubyen kontra pou yon tan fiks, tankou kontra pou yon chantye oubyen pou yon sèvis byen detèmine.

Pou plis enfòmasyon sou dokiman pou prezante yo ak kondisyon yo, vizite lyen sa a.

Tip benefis

Asirans Chomaj la konpoze ak:

  • Kont Endividyèl Chomaj (CIC): se kont chak afilye genyen kote yo anrejistre pèman yo ak chaj yo. Se yon kont pèsonèl e ki inik pou kèlkseswa kantite travay ak patwon afilye a genyen.
  • Fon Solidè Chomaj (FCS): se yon fon komen ki pou tout afilye yo. Yo itilize l pou yo konplete benefis Asirans Chomaj la lè Kont Endividyèl afilye a pa ase pou fè sa.

Ki moun Asirans lan kouvri?

Ou afilye otomatikman nan Asirans Chomaj la:

  • Si w se yon majè (18an)
  • Si w gen yon kontra ki anba direksyon Kòd Travay la oubyen anba règleman Asitan Edikasyon Piblik yo oubyen se yon moun k ap travay kay moun.
  • Si w gen yon kontra ki la aprè 2 oktob 2002

Pa bliye, moun ki te gen kontra anvan 2 oktòb 2002 kapab afilye volontèman.

Verifye si w afilye nan Asirans Chomaj la e konnen ki sa w dwe fè si w pa afilye.

Ki moun Asirans lan pa kouvri?

Selon sa lwa a etabli, Asirans lan pa valab pou moun sa yo:

  • Travayè sektè piblik
  • Fonksyonè lame
  • Travayè endepandan
  • Moun ki poko gen 18 an (minè)
  • Travayè ki gen kontra pou yon staj pwofesyonèl
  • Travayè ki gen pansyon eksepte sa ki gen yon andikap nan yon degre ki pa anpil
  • Travayè ki patisipe tankou asosye e k ap jere oubyen reprezante yon antrepriz li enfòme tankou patwon.

Kad legal

Asirans Chomaj la sòti nan lwa 19.728 la ki antre an fonksyon an oktòb 2002 e l kouvri tout travayè ki gen kontra ki anba direksyon Kòd Travay la.

Ki sa k vin apre sa?