Anrejistre benefisyè m yo: Ki sa m dwe fè?

Nan Biwo Anliy Afilye yo, ou kapab anrejistre moun k ap gen pou resevwa fon w yo lè w mouri.

Lòt moun kapab eritye fon ki rasanble sou Kont Endiviyèl Chomaj la (KEC). Sa vle di, lè w mouri y ap bay eritye w yo fon sa yo oubyen benefisyè ki anrejistre nan sistèm nou an.

Sa pou pa bliye:

  • Ou kapab enskri benfisyè yo yon fason senp e alèz nan biwo anliy, nan kote ki di “Touche Asirans lan > Enskri benefisyè yo”. Ou kapab fè sa tou nan nenpòt biwo AFC Chile.
  • Nenpòt moun kapab benefisyè w e li pa nesesè pou se yon manm nan fanmi w.
  • Yo pèmèt ou enskri plis pase yon benefisyè kote w ap mete yon pousantaj pou yo chak jiskaske w konplete 100%.

Ki sa k vin apre sa?

Ki sa k pase ak benefisyè m yo si m pran retrèt?