Ki jan m ka touche Asirans Chomaj la si m pa gen papye dedomajman an?

Gen plizyè fason ki egziste pou fè sa. Enfòme w e veridye lis ki vin aprè a.

Imaj Ki jan m ka touche Asirans Chomaj la si m pa gen papye dedomajman an?
Imagen

Dokiman yo ki pi fasil pou yon afilye demontre li pap travay se papye dedomajman an.

Sepandan, si w pa gen dokiman sa a, ou kapab prezante lòt ki kapab demontre w pap travay, anrapò ak koz travay la fini.

Dokiman ou ka prezante nan plas papye dedomajman an:

  • Lèt revokasyon: travay la bay ak siyati patwon an ladan l.
  • Fich lèt revokasyon: se direksyon travay ki bay li ofisyèlman,
  • Lèt demisyon: travayè a dwe siyen l e ratifye l devan yon moun ki gen dwa legal pou siyen. Anplis li dwe demontre patwon an dwe resevwa lèt la nan fason sa yo::
    – Siyati, non ak pòs moun ki resevwa lèt la.
    – Resepsyon lèt la pa mwayen lapòs nan adrès travay la.
    – Resepsyon lèt pa mwayen kourye elektwonik, toutpandan imel la koresponn ak sa ki anrejistre nan sistèm nan.
  • Lèt akò ant 2 pati yo: travayè a ak patwon an dwe siyen, e l dwe ratifye kay notè
  • Lèt ou revoke pwòp tèt ou: travayè a dwe siyen l. Li dwe demontre travay la resevwa lèt la nan fason sa yo:
    – Siyati, non ak pòs moun ki resevwa lèt la.
    – Resepsyon lèt la pa mwayen lapòs nan adrès travay l a.
    – Resepsyon lèt la pa mwayen kourye elekwonik, toutpandan imel la koresponn ak sa ki anrejistre nan sistèm nan.
  • Ak konpwomi: travayè ak patwon an dwe siyen l e jij la dwe otorize pa mwayen yon rezolisyon e li dwe siyen chak paj dokiman an.
  • Ak konsilyasyon jidisyè: patwon ak travayè e jij la dwe otorize l pa mwayen yon rezolisyon e li dwe siyen chak paj dokiman an.
  • Kontra travay ki dire mwens ke 30 jou:travay pou yon tan fiks jiska 29 jou. Li dwe gen siyati travayè a ak patwon an.
  • Konra travay ak fich pèman moun k ap travay sou pò yo: travay ki koresponn ak yon chantye oubyen yon sèvis detèmine. Dokiman an dwe gen siyati travayè a ak patwon an.
  • Sètifika enspeksyon travay ki montre travay la kanpe: Li valab selon ka sa yo:
    – Delè kontra pou yon tan fiks rive nan bout li (Atik 159-4)
    – Travay, chantye oubyen sèvis ki te bay kontra a fini (Atik 159-5)
  • Deklarasyon jire elektwonik Direskyon Travay bay: li dwe gen siyati elektwonik travayè a ak enspekè travay la. Si se pou demisyon travay la fini (Atik 159-2), li dwe gen resepsyon patwon an.
  • Kominikasyon travay la fini paske antrepriz la fè fayit (Atik 163 bis): Moun ki likide l la dwe siyen. Li dwe gen vini ak yon sètifika Superintendencia de Insolvencia y Reemprendimiento.Kominikasyon devan Direksyon Travay: travayè a ak patwon an dwe siyen l e yo itilize siyati dijital pa mwayen claveuniva leta a.Li dwe genyen tou siyati yon moun ki gen dwa legal pou siyen kòm medyatè.
  • Santans jidisyè: li dwe gen siyati jij la ak sètifika ki koresponn nan.
  • Manda: pou yon revokasyon ki pa jistifye, oubyen ki pa kòrèk, li dwe gen yon rezolisyon tribinal travay la oubyen yon sètifika ki montre mande a antre nan tribinal.

Ki kondisyon dokiman m nan dwe ranpli?

Ke w te prezante papye dedomajman an oubyen yon lòt dokiman ki montre w pap travay, dokiman a dwe gen tout paj yo.

Pou kapab reyalize demann nan Biwo anliy afilye yo, ou dwe:

  • Telechaje dokiman an koulè e konplè ak tout paj yo nan tolede bò.
  • Telechaje dokiman sou fòma PDF oubyen sou fòm imaj JPG, JPEG oubyen PNG.
  • Chak achiv pa dwe peze plis pase 12 MB.
  • Verifye si non achiv yo pa gen lèt “ñ” oubyen aksan.