Metòd ak dat pèman

Konnen ki sa k ka fè w jwenn premye pèman benefis la ak fòm pèman yo.

Imagen

Yonfwa yo apwouve demann nan, sou ki sa y ap baze pou fè premye pèman an?

  • Si w fè demann nan anvan 30 jou pase depi dat travay la fini:

Yonfwa 30 jou a pase, demann nan ap antre nan pwosesis pèman ki pi pre a ki fèt chak jedi. AFC ap ap pwogramen kalandriye pèman ki koresponn yo pa mwa.

Egzanp:

Kontra a fini: 30 jen 2023
Pwosesis la fèt: 6 jiyè 2023
Akonplisman 30 jou: 30 jiyè 2023
Pèman: jedi 3 out 2023

  • Si w fè demann nan aprè 30 jou pase depi dat travay la fini:

Demann nan ap antre nan pwosesis pèman ki fèt chak jedi. AFC ap pwograme kalandriye pèman ki koresponn pa mwa.

Egzanp:

Kontra a fini: 30 mas 2023
Pwosesis la fèt: 2 out 2023
Pèman: jedi 10 out 2023

*Si pou koz travay la fini a se atik 171 kòd travay la, premye pèman an ap fè omwen aprè 60 jou ki pase depi dat travay la fini.

Enpòtan

Yonfwa yo apwouve demann ou a, AFC ap enfòme w kalandriye pèman benefis la toutpandan l ap ba w dat ak montan yo.

Fòm pèman

Nan moman w ap fè demann asirans Chomaj la, ou dwe fè konnen ki jan w ta renmen resevwa pèman an, sa ki kapab fè pa mwayen:

  • Depo sou kont rut.
  • Depo sou kont kouran oubyen kont depay nenpòt bank ( sèlman pou mèt kont lan)
  • Pèman kach nan nan nenpòt biwo “Servipag”, amwenske w ta vle fè sa nan “BancoEstado” kote w gen 60 jou pou touche lajan an.

Si w ta vle pou yon lòt moun retire lajan an pou ou, ou kapab siyen yon manda kay notè pou ki dwe gen apwobasyon AFC. Pou rann pwosesis sa a pi fasil, telechaje manda a , ranpli l e prezante l nan nenpòt biwo nou yo.