Ki sa Fon Solidè Chomaj la ye?

Verifye karakteristik fon sa a, tankou fason yo finanse l ak ki kondisyon w dwe ranpli pou ka gen aksè ak li.

Imaj Ki sa Fon Solidè Chomaj la ye?
Imagen

Sa k rive pafwa,yon moun pa gen ase lajan sou Kont Endividyèl li aprè yo fin revoke l pou l ka fè demann Asirans Chomaj la.

Ki sa yo ka fè nan ka sa a?

Nan sitiyasyon sa a, afilye kapab mande Fon Solidè Chomaj la, toutpandan li ranpli kondisyon sa yo:

  • Li dwe pap travay nan moman li fè demann nan.
  • Kont Endividyèl la pa gen ase fon pou finanse benefis la, ann akò ak montan e pousantaj lwa a etabli.
  • Li dwe gen 12 kotizayon ki peye nan Fon Solidè Chimaj la pandan 24 dènye mwa anvan revokasyon an, e yo dwe abone sou kont lan anvan dat kontra a fini. Yo konte kotizasyon yo depi dat afilyasyon an oubyen depi dènye fwa li te touceh asirans lan, jiska mwa anvan travay la kanpe a.
  • Twa dènye kotizayon yo dwe youn dèyè lòt avèk menm patwon an.
  • Kontra a dwe kanpe pou youn nan rezon sa yo ki nan Kòd Travay la oubyen nan règleman Asistan Edikasyon Piblik yo:
Kòd travay Lwa 21.109 asistan edikasyo yo
Dat kontra travay la fini (Atik 159-4) Dat kontra travay la Fini (Atik 33e)
Travay oubyen sèvis Ki te bay kontra a fini (Atik 159-5) Ajisteman pou bezwen antrepriz la (Atik 34)
Ka enprevi oubyen ka grav (Atik 159-6)  
Bezwen Antrepriz la (Atik 161)  
Antrepriz la fè fayit (Atik 163 bis)  
  • Afilye a dwe enskri nan (BNE) e l dwe aksepte òf travay ak kou fòmasyon platfòm nan ofri l.

Konbyen pèman m ap jwenn si m resevwa benefis la?

Ou pral kapab resevwa 5 peman, si ou gen yon kontra a tèm fiks ak yon kontra endefini.

Pèman ak montan nan kontra pou yon tan fiks, pou yon chantye oubyen pou yon sèvis detèmine.

Mes

Pousantaj salè 10 dènye mwa yo

Valè enfèryè

Valè siperyè

1

60%

$211.152

$703.840

2

40%

$140.768

$469.228

3

35%

$123.173

$410.574

4

30%

$105.575

$351.921

5

30%

$105.575

$351.921

Pèman ak montan pou kontra endefini oubyen pou moun k ap travay kay moun

Mes

Pousantaj salè 10 dènye mwa yo

Valè enfèryè

Valè siperyè

1

70%

$246.344

$821.147

2

60%

$211.152

$703.840

3

45%

$158.364

$527.879

4

40%

$140.769

$469.228

5

35%

$123.173

$410.574

Èske m ka fè demann Fon Solidè Chomaj la lè pèman kont Endividyèl mwen yo fini?

Li enpòtan pou verifye si w ranpli kondisyon pou jwenn Fon solidè Chomaj la nan moman w ap fè pwosesis la. Depi afilye a ranpli kondisyon yo, li dwe fè konnen si l ap aksepte benefis la oubyen non.

Si l chwazi pran Kont Endividyèl la, li pap gen dwa nan Fon Solidè Chomaj la aprè sa, menmsi lajan ki sou kont lan ta fini.

Konbyen fwa yo ka fè demann Fon Solidè Chomaj la?

  • Yon moun ka jwenn Fon Solidè Chomaj la jiska 10 fwa pandan 5 an.
  • Moun ki pa gen dwa pran Asirans Chomaj la kapab mande sibvansyon chomaj depi yo ranpli kondisyon yo.

Èske gen pèman anplis pou Fon Solidè Chomaj la?

Si w toujou pap travay e w ap resevwa Fon Solidè Chomaj la, ou kapab resevwa 2 pèman anplis nan Fon Solidè a ak kèlkeswa kontra a genyen. Sèlman si Enstiti nasyonal estatistik yo ta enfòme to nasyonal chomaj la depase pou 1% to mwayè chomaj 4 dènye yo. De pèman sa yo koresponn 30% salè ki detaye nan tablo ki vin aprè a:

Pèman anplis

Pousantaj salè

Valè enferyè

Valè siperyè

Premye

30%

$105.575

$351.920

Dezyèm

30%

$105.575

$351.920

Pou kounye a kondisyon yo pa ranpli pou gen pèman anplis Ki benefis Fon Solidè Chomaj la gen ladan l?

  • Swen sante: pa mweyen fonasa.
  • Kontribisyon AFP: ki koresponn ak 10% pèman pa mwa ki fèt.
  • Asiyasyon fanmi: Pou moun ki nan tranch rantre 1 ak 2.
  • Kou fòmasyon gratis ak èd pou chèche travay pa mwayen (BNE). Li enpòtan pou aktive kont ou nan BNE kòm yon kondisyon pou jwenn benefis asirans lan. Verifye kondisyon pou ka jwenn benefis la.
Imagen

Ki jan yo finanse Fon solidè Chomaj la?

Asirans lan konpoze ak Kont Endividyèl Chomaj la (KEC) e Fon Solidè Chomaj la (FSC) finanse avèk:

  • 3% salè san enpo chak afilye (avè yon limit 122,6 UF pou 2023), kontribisyon ki obligatwa pou travayè a ak patwon an bay selon tip kontra a.

Finansman nan ka Kontra pou yon tan fiks oubyen pou yon chantye

  CIC FCS
Patwon 2.8% 0.2%
Travayè 0% 0%
Total 3%

Financiamiento en caso de Contrato indefinido

  CIC FCS
Patwon 1.6% 0.8%
Travayè 0.6% 0%
Total 3%