Fon ki sou kont afilye a nan Biwo anliy

Yon kesyon afilye nou yo plis poze n se konbyen lajan yo genyen ki sere nan Asirans Chomaj la. N ap montre w ki kote w kapab verifye sa ak ki jan lajan sa a rasanble sou Kont Endividyèl la.

Ki kote m ka verifye kantite lajan m genyen?

1) Pa mwayen Biwo Anliy afilye yo:

Antre nan Biwo Anliy afilye yo avèk rut ou oubyen kòd sekrè a oubyen ClaveÚnica epi verifye kantite lajan ki disponib antou nan jou a, anplis de sa tout woulman ak pèman kotizasyon w yo.

Yonfwa w antre nan sesyon prive w, ou kapab wè sa ki vin apre a nan vèsyon mobil ak desktop:

 

2) Pa mwayèn bilten enfòmasyon an.

Chak ane, w ap resevwa nan men AFC Chile 3 bilten enfòmasyon ki gen detay woulman w yo.

  • Fevriye: Bilten enfòmasyon pa ane.
  • Jiyè: Chak 4 mwa
  • Oktòb: Chak 4 mwa

Yon egzanp bilten chak 4 mwa:

Ki jan yo rasanble lajan afilye yo?

Chak afilye gen yon Kont Endividyèl Chomaj (KEC) AFC kreye lè moun nan enskri nan asirans chomaj la kote yo rasanble tout abònman yo, ki se pèman kotizasyon yo, rannman ak chaj nan ka yo touche benefis la.

Kotizayon patwon an peye chak mwa koresponn ak 3% salè san enpo travè a pa mwa. Ou menm ak patwon an kontribiye nan lajan sa a.

  • Si w gen yon kontra endefini oubyen moun k ap travay kay moun, y ap rasanble fon ki koresponn ak 2,2% salè san enpo a. nan pousantaj sa y ap retire 0,6% nan salè w e rès 1,6% se patwon an k ap peye l. Patwon an ap peye rès 0,8% na Fon Solidè Chomaj la.
  • Nan ka afilye ki gen kontra pou yon tan fiks, abònman an koresponn ak 2,8% salè san enpo a, se patwon an ki peye tout lajan sa a.

Èske w gen dout?

Si w gen dout ou kapab ale nan sant atansyon nou yo:

  • Si w se yon afilye Asirans lan, antre na Biwo anliy, seksyon Pwosesis mwen yo, kote w ka fè konsiltasyon w lan.
  • Si w pa afilye nan Asirans lan ou pa kapab mande pou enskri pa mwayen fòmilè afilyasyon nou a.
  • Si w ta renmen rekipere kòd sekrè Biwo anliy afilye yo, ou kapab verifye pa w dwe suiv yo pou ka jwenn li la a.
  • Ou kapab rele nan nimewo sa yo 44 202 1100 (selilè) oubyen 800 800 232 (telefòn fiks).