Kotizasyon m yo

Patwon w lan jwe yon wòl enpòtan nan finansman Asirans Chomaj la.

Kotizasyon Asirans Chomaj la koresponn ak 3% salè pa mwa san enpo legal travayè a. Se travayè a ak patwon an ki kontribiye kantite sa a, e li gen yon kantite limit Direksyon Pansyon enfòme chak ane. Pou ane 2023 a limit sa a koresponn ak 122,6 UF.

Li enpòtan pou konnen kantite sa a yo retire sou salè a se sèlman si ou gen yon kontra endefini oubyen kontra moun k ap travay kay moun. Pou nenpòt lòt tip kontra (pou yon tan fiks oubyen pou yon sèvis byen detèmine), patwon an ap oblije peye tout kontribisyon Asirans lan.

Verifye ki jan yo finanse Asirans Chomaj la

Pèman kotizayon yo

Patwon an dwe peye kotizasyon yo nan 10 premye jou ouvrab nan mwa ki vin aprè pèman salè a. Si l ap fè sa pa mwayen elektwonik li gen delè jiska 13.

Ou dwe verifye si patwon an peye kotizasyon yo. Ou ka fè sa nan biwo anliy afilye yo oubyen ou ka verifye bilten enfòmasyon Asirans Chomaj la yo voye sou imel ou oubyen nan adrès kay ou.

Si patwon an pa peye kotizasyon w yo, ou kapab fè yon reklamasyon nan seksyon “Kontakte n” ki nan biwo anliy la oubyen nan nenpòt biwo kote w ap prezante kontra travay ou ak bilten salè w yo. Si w pa gen kontra, ou dwe fè reklamasyon an nan Direksyon Travay.

Sa w dwe konnen:

  • Daprè lalwa, peryòd maksimòm pou yo peye kotizasyon pou chak travay se 11 an. Malgre sa, patwon an dwe kontinye kontribiye nan Fon Solidè Chomaj la (0,8%) toutpandan kontra a toujou egziste.

  • Si w gen yon repo provizwa pou maladi e w gen yon kontra endefini, y ap kenbe kotizasyon 0,6% an e enstitisyon ki responsab Sibvansyon Andikap Travay la ap peye (Isapre, Fonasa ak Enstitisyon prevansyon risk yo) pandan tout tan repo pou maladi a dire. Pandan peryòd sa a, patwon an dwe peye kotizasyon yo nòmalman.