Mwen pran retrèt e m pa jan m touche Asirans Chomaj mwen.

Konnen tout opsyon afilye ki pran retrèt yo genyen pou yo kapab itilize fon ki disponib sou Kont Endividyèl Chomaj la.

Si w afilye nan Asirans Chomaj la e anplis de sa ou pran retrèt, ou kapab chwazi youn nan 2 opsyon sa yo:

  • Retire nan yon sèl vèsman tout lajan ki sou Kont Endividyèl Chomaj la.
  • Transfere yon pati oubyen tout nèt sou kont AFP a, opsyon sa a dwe fèt dirèkteman nan AFP a.

Sa gen ladan l pansyonè ki kontinye travay tankou moun k ap travay kay moun yo.