Avantaj ki genyen lè w itilize Biwo Anliy afilye yo.

W ap kapab reyalize sou platfòm sa a majorite pwosesis ki gen pou wè ak itilizasyon, touche, zouti ak konsiltasyon sou Asirans Chomaj.

Imagen

1) Ou kapab fè demann nan anliy, konsilte si w ka touche oubyen fè yon esè.

Nan ka kote w pap travay, ou kapab fè demann nan aliy nan Biwo Anliy afilye yo. Nan espas sa a, w ap kapab antre sou platfòm nan, telechaje papye dedomajman na, revize dat pèman yo e konfime demann nan. Anplis de sa, ou kapab verifye nan ki sitiyasyon demann nan ye.

Menm jan an tou, nan ka ou ta bezwen sa ou kapab fè yon esè, kote w ap kapab revize distribisyon pèman yo ann akò ak fon ki rasanble sou Kont Endividyèl Chomja la (KEC).

  • Pou kapab touche Asirans Chomaj la anliy: Antre nan Biwo Anliy afilye yo, avèk kòd AFC a oubyen “ClaveÚnica” a. Apre sa, klike kote ki di “Touche asirans chomaj la”:
Imagen
  • Pou kapab verifye sitiyasyon demann anliy la: Antre nan Biwo Anliy afilye yo, avèk kòd AFC oubyen ClaveÚNIca a. Apre sa klike kote ki di “Touche Asirans Chomaj la” ansuit klike nan opsyon “Sitiyasyon demann nan”:
Imagen
  • Pou kapab fè yon esè Asirans lan anliy: Antre nan Biwo Anliy afilye yo, avèk kòd AFC a oubyen ClaveÚnica. Apre sa klike kote ki di “Fè esè pou touche asirans lan”:
Imagen

2) Li pèmèt ou ajou ak enfòmasyon afilye a: mete enfòmasyon pèsonèl yo ajou, konsite kantie kòb ki sou kont lan, rantre ak kotizasyon yo.

Li bon pou ou menm antanke afilye, toujou mete enfòmasyon pèsonèl yo ajou nan sistèm nan. Pou sa, Biwo anliy la gen yon seksyon espesyal kote w ka bay enfòmasyon sa a, k ap pèmèt AFC kontakte wpou l ka ba w enfòmasyon ki enpòtan ak fich enfòmasyon w.

Anplis de sa, sa ka rive pou plizyè rezon ou bezwen konnen konbyen lajan ou genyen sou kont endividyèl la nan yon peryòd travay byen detèmnine. Pou ka sa yo, platòm anliy la ap montre afilye yo montan an nan paj prensipal la, anplis rantre ki fèt sou kont lan.

Nan menm kontèks sa a, nonsèlman w ap kapab veifye fich enfòmasyon yo, kote yo rezime enfòmasyon anvan an chak ane e chak 4 mwa, men tou  w ap kapab konsilte si pèman kotizasyon yo ajou.

  • Pou kapab konsilte kantite lajan ki sou kont endividyèl la: Antre nan Biwo anliy afilye yo, avèk kòd AFC a oubyen avèk ClaveÚnica a. Yonfwa ou sou platfòm nan, w ap kapab verifye lajan ki sou kont lan ak sa ki disponib sou kont lan, akoz pèman kotizasyon patwon an ak rantre kon sa yo fè:
Imagen
  • Pou ka revize fich enfòmasyon yo ak mouvman istorik kont endividyèl la: Antre nan Biwo anily afilye yo, avèk kòd AFC a oubyen ClaveÚnica a. yonfw a antre sou platfòm an, ale nan seksyon “Kotizasyon m yo” e apre “Fich enfòmasyon” kote w ap kapab jwenn fich enfòmasyon yo.
    Imagen

    Ou kapab verifye tou na yon fason sep mouvman istoik yo: Nan seksyo “Kotizasyon m yo” e apre sa “ Mouvman istorik”, ou kapba konsilte antre ki fèt pou kotizayon yo ak fon yo, mennm jan tou depans poutèt pèman benefis yo.

Imagen
  • Verifye pèman kotizasyon ki pa peye yo: Nan seksyon “Kotizasyon m yo” e apre “Kotizayon ki pa peye” ou kapab verifye si patwon an peye kotizasyon pou ou nan Asirans Chomaj la ak ki kantite lajan li kontribiye.Ou kapab revize tou kontribisyon travay ou te genyen anvan yo.
Imagen

3) Ou kapab enskri benefisyè k ap eritye asirans lan.

Selon sa ki etabli nan lwa a, lè yon afilye nan AFC mouri, yo kapab eritye lajan ki sou kont lan e y ap remèt fon sa yo bay benefisyè ki anrejistre nan AFC oubyen eritye yo selon lòd relasyon ak moun ki mouri a.

Nan domèn sa a, Biwo anliy afilye yo ap bay opsyon pou enskri eritye yo, toutpandan w ap mete pousantaj w ap bay chak moun. Anplis de sa, si w ta vin chanje desizyon alavni, ou kapab modifye benefisyè yo nan menm platfòm nan.

  • Pou kapab anrejistre benefisyè yo: Antre nan Biwo anliy afilye yo, ak kòd AFC a oubyen ClaveÚnica. Yonfwa ou antre an platfòm nan antre nan seksyon “Touche asirans lan” e aprè “Enskri benefisyè m yo”, kote ou kapab chwazi ki moun k ap resevwa fon w yo lè w mouri.
Imagen

4) Ou kapab jere kotizasyon ki pa parèt yo

Yo se lajan pou kotizasyon yo dwe remèt oubyen pou yon rezon oubyen yon lòt ki pa t abone sou kont Endividyèl la.

Nan kontèks sa a ak pa mwayen Biwo anliy afilye yo, ou kapab bay yo solisyon ak sitiyasyon sa a, swa pou mande ranbousamn lajan an (san w pa bezwen prezante okenn dokiman) oubyen aklare pèman kotizayon ki pa rive sou kont lan.

  • Nan ka kotizasyon ki pa parèt pou aklare: Antre nan Biwo anliy afilye yo, ak kòd AFC a oubyen ClaveÚnica. Yonfwa w antre nan platfòm nan, ale nan seksyon “Kotizasyon ki pa parèt” e apre Kotizasyon pou aklare”, ki koresponn ak pèman kotizasyon ki pa rive sou kont endividyèl afilye a e k ap bezwen pou prezante dokiman pou ka fè pwosesis ki koresponn pou abone yo sou kont lan.
Imagen
  • Nan ka kotizasyon pou remèt: Antre nan biwo anliy afilye yo, ak kòd AFC a oubyen ClaveÚnica. Yonfwa w antre nan platfòm nan, antre na seksyon “Kotizasyon ki pa parèt” e apre “Kotizasyon pou remèt/ki pa t dwe fèt oubyen “Kotizasyon pou remèt/ann eksè, ki koresponn ak pèman patwon an pa t dwe fè oubyen ki peye an eksè nan AFC pou yon montan ki siperyè ak sa ki etabli, oubyen kotizasyon ki fèt pou travayè asirans chomaj la pa kouvri. Nan pati sa yo, w ap kapab konsilte si w gen fon ak si l koresponn pou fè demann ranbousaman lajan san w pa bezwen prezante okenn dokiman.
Imagen

5) Jwenn sètifika anliy

Ke se pou fè yon pwosesis oubyen pou rezon pèsonèl, kòm afilye ou kapab telechaj 7 tip sètifika depi nan biwo anliy la gratis pou nenpòt sa w bezwen fè. Ou dwe telechaje l sou fòma PDF, e w ka mete l nan achiv oubyen ou ka enprime l selon enterè w.

  • Pou kapab telechaje sètifika yo: Antre nan Biwo anliy afilye yo, ak kòd AFC a oubyen ClaveÚnica. Yonfwa ou antre nan platfòm nan, antre nan seksyon “Sètifika anliy”, kote w ap kapab telechaje gratis dokiman sa a selon sa w bezwen fè:

    • Sètifika pou konnen konbyen lajan w gen sou kont lan
    • Sètifika woulman ki fèt sou kont lan
    • Sètifika peryòd yo pa kotize
    • Sètifika kotizasyon ki jistifye
    • Sètifika benefis ou jwenn
    • Rejis afilysayon
    • Antesedan afilye
Imagen