Ki jan ak ki kote pou fè demann Asirans Chomaj la?

Fè pwosesis asirans Chomaj la nan biwo anliy afilye yo nan 3 twa pa byen senp.

Suba su documento de término de contrato

1ye pa

 

Telechaje dokiman ki montre w pap travay la

Revise la simulación de pago

2yèm pa

 

Verifye pèman an

Confirme sus datos de transferencia

3yèm pa

 

Konfime enfòmasyon pou transfè a

Ki sa m dwe pran an konsiderasyon?

  1. Ou kapab fè demann nan anliy yon fason rapid e asire nan biwo anliy afilye yo, kote w ap ka fè sa 2 fason:
    • Avèk rut e kòd akè pèsoonèl ou.
    • Avèk rut e ClaveUnica leta a.
  2. *Travayè etranje ki poko gen kat idantite kapab antre avèk Nimewo Idantifikasyon pou Kotize a (NIK).

  3. Verifye kondisyon w dwe ranpli pou kapab touche asirans chomaj la.
  4. Yonfwa w fè demann nan, nan yon espas 5 jou, AFC chile ap voye yon repons sou imel ou pou l enfòme w si l apwouve benefis la, montan vèsman yo, oubyen rezon ki fè l refize.

Videyo

Sa pou pa bliye:

Si ou pa gen yon kòd aksè pèsonèl, ou kapab mande l toutpandan w ap suiv etap sa yo:

  • Nan Biwo anliy afilye antre nan “rekipere/mande modpas” nan ka kote ou genyen youn epi ou pa sonje l.
  • Ranpli enfòmasyon yo mande yo: “Rut”, nimewo dokiman an oswa nimewo seri a (ki nan kat idantite a) ak imel ou. Nouvo modpas la ap rive sou imel ki anrejistre nan sistèm nan.
  • Si w se yon travayè etranje epi ou pa gen yon kat idantite, ou ka rekipere modpas la avèk “NIC” ou.
  • Si w poko gen “ClaveÚnica” a, mande li nan http://www.claveunica.gob.cl/

Demann nan yon biwo

Ou kapab touche Asirans Chomaj la nan nenpòt biwo “AFC Chile”. Pou sa, planifye vizit la epi rezève yon lè pou ka jwenn atansyon.

Evite ale nan Biwo yo nan premye jou nan mwa a!

Chèche adrès nou yo epi verifye nan ki sitiyasyon yo ye.

Kilè mwen ta dwe fè demann Asirans Chomaj la e kilè y ap peye m?

Li pa nesesè pou fè demann nan tousuit aprè kontra a fini. Nou konseye w fè sa apati 10 yèm jou depi dat kontra a fini a konsa dat premye pèman an ap rete menm jan e w ap evite pèdi tan nan liy.

Ou ka fè demann nan nenpòt lè w vle depi w toujou kontinye san travay, paske pa gen okenn dat limit pou fè sa.

Verifye metòd ak dat pèman yo nan lyen sa a.