Ki jan m ka jwenn kòd sekrè AFC mwen pou Biwo Anliy afilye yo?

Anplis de ClaveÚnica a, ou kapab antre nan Biwo anliy afilye yo avèk kòd sekrè AFC a. Konnen ki jan w ka mande l oubyen ki jan w ka rekipere l.

Imagen

Pa ou dwe suiv:

  • Antre nan Biwo anliy afilye yo e klike nan “Kòd sekrè AFC”.
Imagen
  • Apre sa, klike nan “Rekipere/fè demann kòd sekrè
Imagen
  • Mete rut la nan kare ki di “Antre rut/nic”
Imagen
  • Valide tès la toutpandan w ap klike nan kare ki di “Mwen pa yon wobo” a. Sistèm nan ap mande pou fè kèk bagay ann akò ak yon demann imaj e w dwe klike “Verifye”.
Imagen
  • Pou ka fini epi voye demann nan, klike nan “Rekipere/Fè demann kòd sekrè”.
Imagen

Enpontan

Kòd sekrè yo voye a tanporè e w dwe chanje l pandan 48 èdtan ak yon kòd sekrè ki gen 8 karaktè, alfanimerik e, ak omwen yon lèt miniskil, yon majiskil ak karaktè espesyal (*. #, /, etc).

Si w pa chanje l nan delè sa a, kòd la ap bloke e w dwe mande yon lòt ankò kote w ap rele nan nimewo telefòn sa a 800 800 232.

Èske gen yon lòt fason m ka rekipere kòd sekrè AFC a?

Wi, ou kapab rele sant dapèl nou an depi sou telefòn fiks 800 800 232 e depi sou selilè 44 202 100 oubyen ou ka ale nan biwo nou yo pou demann nan. Pwograme vizit ou davans nan lyen sa a.

Ki pwosesis mwen ka fè nan Biwo anliy afilye yo?

Anplis touche asirans chomaj la, antre nan lyen sa a pou ka revize ki lòt pwosesis ou kapab fè nan Biwo anliy afilye yo.