Èske m gen kotizasyon ki pa parèt oubyen espas vid nan yon peryòd?

Toulede sitiyasyon sa yo reprezante kèk bagay ki pa regilye nan pèman kotizasyon w yo.

Ki sa kotizasyon ki pa parèt sou kont lan ye?

Se kotizasyon pou yon rezon oubyen yon lòt ki pa parèt sou kont Endividyèl Chomaj la, oubyen pèman ki pa t dwe fèt, oubyen pèman anplis, oubyen pèman pa erè, oubyen pèman pou travayè Asirans Chomaj la pa kouvri.

Gen 2 tip:

  • Kotizasyon ki pa parèt pou aklare yo: Yo koresponn ak pèman kotizasyon ki pa rive sou Kont Endividyèl Chomaj la. Nan ka sa a yo dwe fè yon bon analiz pou yo kapab transfere yo sou kont lan.
  • Kotizasyon ki pa parèt pou remèt yo: Se pèman ki mal fèt oubyen ki fèt anplis, sa vle di kotizasyon yo peye pou travayè ki pa gen Asirans Chomaj pou yon montan ki plis pase sa lwa a etabli oubyen pa erè, pou sa AFC Chile ap remèt lajan sa yo.

 

Kilè sa kapab fèt?

Tip kotizasyon ki pa parèt pou aklare yo:

  • Lè enfòmasyon afilye a pa kòrèk: diferans nan non ak siyati oubyen nimewo kat idantite a pa kòrèk oubyen pa egziste.
  • Lè pa gen okenn relasyon ki egzite ant afilye a ak patwon an.
  • Lè kotizayon patwon an peye yo pa gen rapò ak tip kontra travay la.
  • Lè kont afilye ki gen yon kontra endefini pa gen kontribisyon patwon an oubyen travayè a.
  • Lè yon patwon peye malgre li revoke travayè a.

Ki jan m kapab ranje sitiyasyon sa yo?

Selon tip enfòmasyon ki pa kòrèk la, li nesesè pou gen dokiman k ap pèmèt ou fè aklarasyon epi asosye kotizasyon an sou kont afilye a oubyen patwon an oubyen prezante l nan nenpòt biwo AFC Chile.

Selon ka a dokiman ou kapab prezante yo se:

  • Kontra travay la.
  • Papye dedomajman.
  • Fòmilè pèman kotizasyon yo.
  • Deklarasyon jire afilye a oubyen patwon an.
  • Nenpòt lòt dokiman ki kapab pèmèt AFC kore demann nan.

Antre nan seksyon “Kotizasyon ki pa parèt” nan biwo anliy epi chèche konnen ki dokiman w ap bezwen prezante ak ki kote w dwe voye yo.

Kotizasyon ki pa parèt pou remèt: pèman ki pa kòrèk ak pèman anplis

Ka kote ki ka genyen pèman anplis oubyen pèman ki pa kòrèk e ki pa bezwen okenn dokiman pou fè yon ranbousman:

  • Pèman ki pa kòrèk, sa vle di , pèman kotizayon pou yon travayè ki pa afilye oubyen ki elimine nan sistèm nan: minè, moun ki pran pansyon ak moun ki mouri.
  • Pèman ki pa kòrèk patwon an pa touche.
  • Pèman ki pa kòrèk travayè a pa touche.
  • Pèman kotizasyon pou yon travayè endepandan.
  • Lajan yo peye toutbonvre a plis pase sa fòmilè pèman an enfòme.
  • Kotizasyon ki depase UF 122,6 (pou ane 2023 a).
  • Pèman kotizasyon pou travayè oubyen patwon ki gen plis pase 11 an nan yon travay.
  • Pèman anplis pou yon travayè ki gen yon kont bank ki fèmen oubyen ki pa egziste oubyen pèman ak yon fich bank ki ekspire.

Ki jan m ka fè demann ranbousman an?

AFC ap enfòme w e l ap reyalize ranbousman an otomatikman depi sa koresponn.

Nan ka kontrè, ou kapab antre nan seksyon “Kotizasyon ki pa parèt” nan biwo anliy epi fè demann ranbousman an san w pa bezwen prezante okenn dokiman.

Kisa espas vid nan yon peryòd yo ye?

Sa koresponn ak peryòd kote patwon w lan pa peye youn oubyen plizyè kotizasyon.

Verifye si w gen espas vid nan yon peryòd nan biwo anliy.

Ou kapab verifye enfòmasyon sa a tou nan bilten enfòmasyon Asirans Chomaj la.