Poukisa yo kanpe retrè a?

Enfòme w sou rezon ki ka fè yo kanpe retrè fon w yo ak ki sa w ka fè nan ka sa yo.

Y ap kanpe pèman an lè yo avize AFC yon nouvo relasyon travay oubyen lè l resevwa pèman yon nouvo kotizasyon sou kont ou.

Sa pou pa bliye:

  • Nan ka kote kotizasyon sa a koresponn ak yon benefis yo te dwe w (tankou lè siplemantè, bonis, komisyon) oubyen pèman ki pa kòrèk oubyen pèman pa erè, ou dwe rezoud sitiyasyon an pa mwayen yon sètifika aklarasyon.
  • Se patwon an ki dwe ranpli dokiman sa pou l kapab aklare pèman kotizasyon ki fèt aprè dat travay la te finí a. Li dwe suiv fòma e l dwe mete enfòmasyon yo mande yo, anplis de sa li dwe gen siyati, so antrepriz la, e l dwe gen non konplè ak pòs moun ki siyen l lan.
  • Si patwon an se yon moun natirèl li dwe mete fotokopi kat idantite l.
  • Yo kapab prezante dokiman sa a nan Biwo anliy:

    -Kòm afilye: Seksyon “Pwosesis mwen yo” > Pèman asirans chomaj mwen yo” > Konsilte oubyen mete sètifika aklarasyon an” oubyen prezante l nan nenpòt biwo AFC Chile.

    -Kòm patwon: Seksyon “Pwosesis mwen yo” > ”Benefis chomaj ansyen travayè” > Antre oubyen konsilte sètifika aklarasyon an”oubyen prezante l nan nenpòt biwo AFC Chile.

  • Y ap evalye sètifika sa a pou yo ka aktive benefis la si sa koresponn.