Ki sa pou m fè si pèman benefis mwen an sispann?

Konnen ki sa w dwe fè lè yo kanpe pèman an ak rezon posib ki fè sa rive.

Kilè yo sispann pèman benefis la?

Yo koupe pèman Asirans Chomaj la otomatikman ou jwenn yon travay.

Ki jan “AFC Chile” idantifye sa a?

Lè yo avize l w ap travay oubyen lè l resevwa yon nouvo kotizasyon sou kont ou.

Ki sa k ap pase si mouvman ki enfòme a oubyen kotizasyon ki peye a pa koresponn ak yon nouvo travay?

Nan ka kote kotizasyon sa yo pa koresponn ak yon nouvo travay, men pito se benefis yo te dwe w (tankou lè siplemantè, komisyon ak bonis) oswa yon pèman ki pa koresponn oswa pèman pa erè, ou dwe:

Imagen

1) Regle sitiyasyon an pa mwayen yon sètifika aklarasyon.

 

Se patwon an ki dwe ranpli dokiman sa a pou l pou klarifye pèman kotizasyon ki fèt apre dat ou te fin travay avè l la. Li dwe swiv fòma a epi li dwe bay enfòmasyon yo mande yo, anplis de sa li dwe gen siyati ak so patwon an, non konplè ak pòs moun ki bay sètifika a.

-Si patwon an se yon moun natirèl, sètifika a dwe vini ak yon fotokopi kat idantite l.

Yo kapab mete dokiman dirèktman nan biwo anliy:

  • Kòm afilye: Seksyon “Pwosesis mwen yo” > “Pèman m yo”>Konsilte oubyen mete sètifika aklarasyon “ oubyen prezante nan nenpòt biwo AFC Chile.
  • Kòm patwon: Seksyon “Pwosesis mwen yo”> “Benefis asirans chomaj ansyen travayè”> oubyen prezante l nan nenpòt biwo AFC Chile.

-Si rezon pèman an koresponn ak lè siplemantè, yo dwe akonpaye sètifika a ak fich pèman salè a pou kapab kore enfòmasyon sa a.

-Yo pral evalye sètifika a pou yo ka aktive pèman asirans lan ankò lè sa koresponn.

 

Imagen

2) Prezante dokiman anplis

 

Dokiman ki pwouve akò pèman kotizayon aprè dat kontra a ant patwon an e travayè a, nan ka aklarasyon depi 2 peryòd pou benefis FSC ap finanse oubyen depi 3 peryòd pou benefis KEC ap finanse.

Sa pou pa bliye

  • Y ap kanpe pèman benefis la tou nan ka ou pa enskri nan (BNE): kondisyon ki obligatwa lè w chwazi Fon Solidè Chomaj la kòm finansman Asirans Chomaj la. Òganizasyon sa a ki depann de Direksyon Travay, enfòme AFC chak mwa si travayè a ranpli ou pa kondisyon enskrispyon an. Nan ka yo ta kanpe lajan an pou rezon sa a ou kapab pote plent nan imel apelaciones@bne.cl.
  • Pou plis enfòmasyon sou kondisyon enskripsyon an, verifye kondisyon yo, verifye bwochi enfòmasyon an.