Kondisyon pou kapab touche lajan Asirans Chomaj la

Enfòme w sou kondisyon ak dokiman w ap bezwen prezante pou ka gen aksè ak benefis Asirans Chomaj la.

Kounye a travayè yo dwe ranpli kondisyon sa yo pou yo kapab touche Asirans Chomaj la selon sa ki etabli nan Lwa 19.728 la.

  • Kont Endividyèl Chomaj (KEC)
    • Ou dwe pap travay pou nenpòt koz ki nan kòd travay la
    • Ou dwe gen yon minimòm kotizasyon ki peye:
      • Kontra endefini: omwen 12 kotizasyon ki peye.
      • Kontra pou yon tan fiks oubyen pou tan chantye a ap dire oubyen pou yon sèvis byen detèmine: omwen 6 kotizayson ki peye.
    • Yo konte kotizasyon yo depi lè afilyasyon an fèt oubyen depi dènye fwa yo touche asirans lan jiska mwa travay la fini a. Kotizasyon yo kapab youn dèyè lòt oubyen nenpòt jan avèk youn oubyen plizyè patwon.
  • Fon Solidè Chomaj (FSC)
    • Ou dwe pap travay
      Dènye travay la kapab fini pou nenpòt koz ki nan Kòd Travay la oubyen nan règleman Asistan Edikasyon Piblik yo.
    Kòd travay Lwa 21.109 asistan edikasyon yo
    159-4 Dat kontra travay la rive nan bout li Art. 33 e Dat kontra travay la rive nan bout li
    159-5 Travay oubyen sèvis ki te akòde nan kontra a fini Art. 34 Ajisteman pou bezwen antrepri z la
    159-6 Ka enprevi oubyen ka grav    
    161 Bezwen antrepriz la    
    163 bis Antrepriz la fè fayit    
    • Ou dwe gen omwen 12 kotizasyon ki peye:
      Yo konte kotizasyon depi lè a afilyasyon an fèt oubyen depi dènye fwa w touche asirans lan jiska mwa anvan travay la fini a.
    • Kotizasyon yo dwe peye pandan 24 mwa anvan mwa travay la fini e 3 dènye yo dwe youn dèyè lòt e avèk menm patwon an.
    • Ou dwe gen yon kantite ki pa ase sou Kont Endividyèl Chomaj la.
    • Ou dwe enskri nan BNE, pou kapab gen aksè ak òf travay ak fòmasyon.

Ki benefis mwen kapab jwenn?

Tou depan de koz travay la fini, ou kapab jwenn aksè nan:

  • Kont Endividyèl Chomaj san finansman nan Fon solidè Chomaj la.
    Ou ka resevwa kòb sa a san pwobèm, pou nenpòt rezon travay la fini.

  • Fon solidè Chomaj (kòm yon konpleman nan ka kote fon ki sou kont endividyèl ou a fini)
    Ou dwe gen nenpòt nan rezon sa yo ki montre travay la fini:

    • Bezwen konpayi a.
    • Patwon an fè fayit.
    • Kontra travay la fini.
    • Travay la oubyen sèvis ki te bay kontra a fini.
    • Ka enprevi oubyen ka grav.

Sa pou pa bliye

Ki dokiman mwen bezwen pou m kapab touche lajan asirans chomaj la?

Pou kapab touche asirans lan, ou dwe prezante:

  • Kat idantite ki ajou (sèlman pou fè demann nan yon biwo).
    Dire kat idantite: Yo pwolonje dat ekspirasyon kat idantite ki ekspire ant mas ak desanm 2020 oubyen ant mas ak desanm 2021 jiska menm dat ak menm mwa 2022.

    Pou moun ki gen kat yo ki ekspire an janvye oubyen fevriye ane 2020, 2021 oubyen 2022, y ap pwolonje l jiska menm dat ak menm mwa ane 2023.

  • Si ou se yon travayè etranje, pa bliye
    • Ann akò ak lwa n°21.325 imigrasyon, atik 43 a di, tout kat idantite etranje yo ap ajou, depi yo kapab montre yo gen yon demann viza oubyen rezidans ki an pwosesis oubyen jiskaske otorite migrasyon reponn demann nan.
    • Pou kapab pwouve kat idantite a valab, nan moman w ap fè demann Asirans Chomaj la, ou dwe montre dokiman chanjman oubyen pwolonjman viza ki an pwosesis la Gouvènman Rejyonal oswa Depatman Imigrasyon ak Migrasyon Ministè zafè Enteryè ak sekirite piblik ba ou.
    • Nan ka kote ou pa gen kat idantite, ou ka prezante paspò w ak Nimewo Idantifikasyon pou Kotize AFP ba ou a (NIC).
  • Papye Dedomajman an (finiquito) siyen oubyen ratifye oswa nenpòt lòt dokiman ki montre w pap travay.
    Papye dedomajman an se youn nan dokiman yo plis itilize pou kapab montre w pap travay. Lè w ap prezante l nan AFC, dokiman sa a dwe ranpli kèk aspè fòmèl.
  • Ratifye devan yon moun ki gen dwa legal:
    Notè piblik, enspeksyon travay , Ofisye etasivil oswa sekretè meri, prezidan sendika, delege sendika.
  • Li dwe gen siyati travayè a ansanm ak fraz sa yo: “ li e ratifye devan m “, “siyen e ratifye devan m” oubyen “li, siyen e ratifye devan m”. Sèlman papye dedomajman elektwonik DT a ki gen dwa pa di “ratifye”. Si w ap fè demann nan nan Biwo anliy AFC, ou dwe gen dokiman sa a sou fòma elektwonik.

Ou pa gen papye dedomajman an? Ale kote ki di “Mwen pa gen papye dedomajman an, Ki jan m ka touche asirans lan?”

Ki sa m dwe fè si mwen pa ka fè demann Asirans Chomaj la pèsonèlman?

Nan ka sa a, ou ka siyen yon manda kay notè pou yon lòt moun kapab fè sa pou ou.

Telechaje Manda pou fè demann Asirans Chomaj la oubyen Manda pou fè demann e touche Asirans Chomaj la.