Sispansyon Kontra Travay pou akò ant 2 pati yo

Lwa ki te an fonksyon an fini 6 oktòb. Aprè dat sa a, yo pap ka reyalize demann sispansyon travay ankò. Travayè ki t ap jwenn benefis sispansyon yo ap resevwa pèman ki rete yo jiska dat sa a. Espas pactos.afc.cl la ap disponib pou modifye metòd pèman yo, konsilte demann yo e mande sètifika benefis ki resevwa yo.

Patwon ki gen aktivite yo ki afekte akoz restriksyon sanitè poutèt Covid-19 la, kapab fè akò sispansyon tanporè kontra travay la avèk travayè yo yon fason endividyèl oubyen kolektif.

Ki benefis sa ye? 

  • Akò sa a pèmèt travayè yo jwenn aksè ak yon pousantaj nan salè yo pa mwayen Asirans Chomaj la.
  • Vèsman asirans chomaj la ap kòmanse ak yon to ranplasman ki egal ak 70% mwayèn salè san enpo legal 3 dènye mwa yo e k ap rete depi dezyèm pèman an jiska senkyèm nan ak 55% salè a.
  • Si pa rete fon sou Kont Endividyèl la, otomatikman y ap finanse pèman yo nan fon solidè chomaj la. Konsilte tablo yo suiv pou kalkile montan yo.
  • Maksimòm vèsman ki ka fèt nan kategori sa a se 7, pa mwayen fon solidè chomaj la.
  • Pou patwon an, sispansyon an vle di li pa gen obligasyon pou l peye salè a ak lòt benefis ki pa fè pati salè a.
  • Pou yo kapab kouvri yon pati nan salè travayè yo pandan sispansyon an, patwon an dwe kontinye peye nòmal tout kotizasyon previzyon sosyal ak sante pandan tout peryòd sispansyon kontra a ap dire.

Kondisyon pou ka gen aksè ak benefis la

  • Ou dwe afilye nan Asirans Chomja la.
  • Ranpli omwen youn nan kondisyon sa yo:
    • Ou dwe gen 3 kotizasyon ki peye youn dèyè lòt nan asirans chomaj la pandan 3 dènye mwa anvan sispansyon kontra travay la.
    • Ou dwe gen yon minimòm 6 kotizasyon ki peye youn dèyè oubyen nenpòt jan nan asirans chomaj la pandan 12 dènye mwa yo, ladan yo, 2 dènye yo dwe avèk menm patwon an nan 2 dènye mwa tousuit anvan sispansyon kontra travay la.

Demach ki pou fèt

Patwon an ap kapab konplete demann sispansyon kontra travay la kòm akò ant li menm ak travayè yo nan pactos.afc.cl