Nouvo Pwoteksyon pou pran swen timoun

Y ap kapab fè demann sispansyon travay poutèt benefis nouvo pwoteksyon pou pran swen timoun nan jiska jedi 30 septanm.

Travayè ki enskri pou benefis la jiska dat sa a oubyen ki deja fè sispansyon, ap kontinye resevwa pèman yo nòmalman jiska dat yo te mete nan enskripsyon an menm lè etadsyèj la fini pandan yon kantite tan limit ki se 90 jou.

Nouvo benefis lwa sa a konplete e modifye Lwa Pou pran swen timoun nan nan objektif pou sipòte:

  • Travayè depandan sektè prive ak sektè piblik, menm jan tou pou travayè endepandan, kèlkeswa yo se papa, manman e moun k ap pran swen timoun ki nan laj pou al lekòl e ki te itilize youn oubyen plizyè pèmisyon prevansyon paran pou maladi (LMPP) nan kontèks pandemi Covid-19 la.
  • Travayè ki pou kounye a fè sispansyon kontra travay pou koz Pwoteksyon pou pran swen timoun akoz gadri, jaden-danfan oubyen lekòl timoun yo fèmen nan kontèks pandemi a e ki te itilize youn oubyen plizyè pèmsiyon prevansyon paran pou maladi apati 18 mas 2020 (Tit I, Lwa 21.247).

Ki benefis sa ye?

  • Posibilite pou fè yon sispansyon travay pou 3 mwa.
  • Pèman pandan 3 mwa yon kantite ki egal ak 100% pèman prevansyon paran pou maladi a si l pi piti oubyen li egal ak 1 milyon.

Travayè ki resevwa yon kantite ki plis pase 1 milyon ap resevwa 70% ladan l oubyen 1 milyon selon kantite ki anplis la.

Yo kalkile montan an apati dènye pèman pèmisyon prevansyon paran pou maladi travayè a te resevwa.

Montan Pèmisyon an Montan pou resevwa
Jiska $1.000.000 100% sou baz montan pèmisyon an
Plis pase $1.000.000 Montan siperyè ant 70% pèmisyon an oubyen $1.000.000

Finansman pèman yo

Kontrèman ak sispansyon travay ki nan premye Lwa pwoteksyon pou pran swen timoun nan ak Lwa Pwoteksyon Travay la, nouvo Pwoteksyon an finanse totalman ak Fon Solidè Chomaj la san yo pa itilize fon ki sou Kont Endividyèl Chomaj afilye a.

Y ap finanse benefis la avèk resous Fon Solidè Chomaj la ki ajiste avèk valè siperyè e enferyè ki ajou avèk yon maksimòm 3 vèsman pou chak relasyon travay.

Mwa Valè siperyè Valè enferyè
$679.074 $234.000
$679.074 $234.000
$679.074 $234.000

Si montan pou yo peye a plis pase valè siperyè a, leta ap kouvri rès la.

Kondisyon pou gen aksè ak benefis la

  • Travayè ki te itilize youn oubyen plizyè pèmisyon prevansyon pou maladi:
    • Ou dwe yon travayè depandan ki anba règleman Kòd travay la e w dwe afilye nan asirans chomaj la.
    • Ou dwe gen yon travay nan moman an.
    • Ou dwe te itilize youn oubyen plizyè pèmisyon prevansyon pou maladi. (*)
    • Ou dwe gen yon minimòm kotizasyon nan kondisyon yo mande pou ka fè sispansyon travay lwa pwoteksyon travay la.
  • Travayè pou kounye a ki fè sispansyon travay pou koz Pwoteksyon pou pran swen timoun:
  • Ou dwe te itilize youn oubyen pèmsisyon prevansyon paran pou maladi apati 18 mas 2020. (*)

(*)AFC dwe valide pèmisyon yo avèk enfòmasyon Direksyon Sekirite Sosyal (SUSESO) ba li chak jou.

Pou kapab chwazi benefis sa a ou pa dwe gen okenn lòt pèmisyon prevansyon pou maladi oubyen nenpòt lòt andikap travay. Nan ka sa a, y ap kanpe pèman yo.

Anplis de sa, demann pèmisyon an dwe deja fin fèt nan moman w kòmanse fè sispansyon an.

Demach pou fè

1. Demann pou Pwoteksyon pou pran swen timoun

Patwon an dwe antre demann nan yonfwa travayè a kominike l sa nan, pactos.afc.cl e selelsyone koz “Nouvo Pwoteksyon pou pran swen timoun”

Pa pou suiv:

Avize patwon an: Travayè a dwe ekri patwon an (pa imel) pou l enfòme l l ap itilze dwa sa a, toutpandan l ap siyale dat kòmansman ak dat sispansyon an ap fini. Enfòmasyon sa a nesesè pou ka resevwa pèman benefis la ak fòm pèman an.

Anplis de sa, li dwe ajoute dokiman sa yo:

  • Kopi batistè timoun yo.
  • Deklarasyon jire ki montre w pap resevwa okenn benefis pou pèmisyon prevansyon paran pou maladi oubyen nenpòt andikap travay.
  • Nan ka kote travayè a pa yon papa oubyen yon manman, li dwe ajoute kopi desizyon tribinal la ki otorize l pran swen pèsonèl youn oubyen plizyè timoun.

Antre nan pactos.afc.cl: avèk enfòmasyon sa a, patwon an dwe antre demann nan epi seleksyone koz “Nouvo Pwoteksyon Pou pran swen timoun”.

2. Nouvo demann pou travayè ki deja gen yon Pwoteksyon pou pran swen timoun ki egziste.

Pou ka sa yo, patwon an kapab fè yon nouvo demann pou nouvo benefis pwoteksyon pou pran swen timoun nan.

Anvan travayè a fè yon nouvo demann, li dwe byen verifye kondisyon yo e konpare toude benefis yo. Plis enfòmasyon nan pdf la.

Yonfwa yo fè nouvo demann nan nan pactos.afc.cl, AFC ap elimine benefis ki te la deja a e l ap enfòme apwobasyon nouvo a.

Pou plis enfòmasyon konsènan dokiman w ap bezwen prezante pou fè demann benefis nouvo lwa pwoteksyon pou pran swen timoun nan e ki jan travayè a ak patwon an kapab fè demann nan, verifye PDF sa a.

Rekòmandasyon

Anvan travayè a fè yon nouvo demann, li dwe byen verifye kondisyon yo e konpare toude benefis yo. Plis enfòmasyon nan PDF la.

Demann travayè a fè

Si aprè travayè a avize patwon an e li pa fè demann nan, travayè a kapab fè sa dirèkteman nan AFC nan espas pou travayè yo, kote li dwe:

  • Deklare li avize patwon an e l bay tout enfòmasyon.
  • Non pwòp oubyen Non antrepriz la.
  • “Run” oubyen “Rut” la.
  • Adrès.
  • Imel.
  • Nimewo pou kontakte patwon an.