Rediksyon tanporè jounen travay

Li pèmèt patwon yo akòde avèk travayè yo yon fason pèsonèl oubyen kolektif pou fè rediksyon jounen travay la jiska 50%.

Ki benefis sa ye?

  • Patwon an dwe peye salè a ann akò ak kantite lè yo travay e kotizayon ki koresponn ak jounen travay la.
  • Travayè a ap resevwa yon konpleman anplis nan salè a jiska 25% nan fon Kont Endividyèl Chomaj la, e lè fon sa yo fini, y ap finanse l avèk Fon Solidè Chomaj la.
  • Limit maksimòm konpleman sa a se $225.000 chak mwa.
  • Y ap kenbe benefis tankou, zetrèn, bonis ak lòt ankò.

Kondisyon pou gen aksè ak benefis la

Apa afilye nan asirans chomaj la, pou yon travayè kapab benefisye akò rediksyon tanporè jounen travay la li dwe:

  • Nan ka li gen yon kontra endefini: demontre li genyen 10 kotizayon youn dèyè lòt oubyen nenpòt jan avèk menm patwon an.
  • Nan ka li gen kontra pou yon tan fiks: gen 5 kotizasyon youn dèyè lòt oubyen nenpòt jan.

Demach pou fè

  • Demann benefis Lwa pwoteksyon travay la nan kategori akò rediksyon jounen travay dwe fèt nan Direksyon Travay.

AFC sèlman responsab pou l peye demann Direksyon Travay fè.

  • Pou kapab konsilte sitiyasyon demann rediksyon patwon an fè, antre nan MI DT oubyen konsilte patwon an pou konnen si yo apwouve l.

Ki jan yo kalkile montan travayè ki fè rediksyon yo ap resevwa?

  • Si yo redui jounen travay la a 50 %, travayè a ap resevwa 25% mwayèn salè san enpo legal ki koresponn ak 3 dènye mwa anvan kòmansman akò a.
  • Si rediksyon an mwens ke 50%, konpleman an ap fèt selon sa ki koresponn.

Ki lè travayè yo ap resevwa pèman yo?

Apati premye jou mwa ki vin aprè enskripsyon akò a, ki koresponn ak dat travayè a apwouve pwopozisyon akò a sou sitwèb Direksyon Travay la.

Li enpòtan pou travayè ki enskri nan akò rediksyon jounen travay la konfime kou sa posib li aksepte nan menm mwa patwon an antre demann akò a sou sitwèb Direksyon Travay la, piske AFC ap peye travayè a chak mwa konpleman an.