Nouvo Lwa Pwoteksyon Pou Pran Swen Timoun (Pwolonjman Pèmisyon ijans aprè akouchman)

Nouvo Lwa sa a konsidere nouvo benefis k ap konplete e k ap modifye Lwa Pwoteksyon Pou Pran Swen Timoun nan toutpandan li pèmèt aksè ak sispansyon tanporè kontra travay epi resevwa sibvansyon andikap travay.

Nouvo Pwoteksyon Pou Pran Swen Timoun (Pwolonjman Pèmisyon ijans aprè akouchman) (Lwa 21.357).

Benefis yo se pou:

  • Travayè depandan sektè prive ak sektè piblik, menm jan tou pou travayè endepandan, kèlkeswa yo se papa, manman e moun k ap pran swen timoun ki nan laj pou al lekòl e ki te itilize youn oubyen plizyè pèmisyon prevansyon paran pou maladi (LMPP) nan kontèks pandemi Covid-19 la.
  • Travayè ki pou kounye a fè sispansyon kontra travay pou koz Pwoteksyon pou pran swen timoun akoz gadri, jaden-danfan oubyen lekòl timoun yo fèmen nan kontèks pandemi a e ki te itilize youn oubyen plizyè pèmsiyon prevansyon paran pou maladi apati 18 mas 2020 (Tit I, Lwa 21.247).

Sèlman travayè sektè prive yo, ki anba règleman Kòd Travay la e ki afilye nan Asirans Chomaj la ki kapab fè demann benefis sa a nan AFC Chile. Nan ka travayè piblik yo ak travayè endepandan yo, demann nan ap fèt pa mwayen patwon yo ak enstititisyon previzyon sosyal ki koresponn nan (IPS).

Verifye plis enfòmasyon nan Sispansyon Kontra Travay pou nouvo Pwoteksyon Pou Pran Swen Timoun