Lwa Pwoteksyon Travay

Lwa ki te an fonksyon an fini 6 oktòb. Aprè dat sa a, yo pap ka reyalize demann sispansyon travay ankò. Travayè ki t ap jwenn benefis sispansyon yo ap resevwa pèman ki rete yo jiska dat sa a. Espas pactos.afc.cl la ap disponib pou modifye metòd pèman yo, konsilte demann yo e mande sètifika benefis ki resevwa yo.

Ap chèche pwoteje travayè yo toutpandan li pèmèt yo gen aksè ak benefis e konpleman Asirans Chomaj la, lè sitiyasyon ki vin aprè yo prezante:

Lwa Pwoteksyon Travay (N°21.227)

Moun ki vyole lwa sa a ap resevwa amann ak sanksyon ki ka mennen nan prizon. Sa valab ni pou travayè ni pou patwon.

Sa pou pa bliye:

Lwa Pwoteksyon Travay

  • Selon dekrè siprèm Ministè Trezò Piblik la, lwa Pwoteksyon Travay la ap an fonksyon jiska 6 oktòb 2021, e nan ka akò sispansyon kontra travay, pwoteksyon pou pran swen timoun ak nouvo pwoteksyon pou pran swen timoun (pwolonjman pèmsiyon ijans aprè akouchman), akò rediskyon jounen travay, jiska 31 desanm 2021. Sa vle di, patwon yo ap kapab fè akò sispansyon ak rediksyon travay sèlman nan dat sa yo.
  • Pèman asirans Chomaj la ap kòmanse ak 70% mwayèn salè san enpo legal 3 dènye mwa travay yo e dezyèm pèman an jiska senkyèm nan ap rete ak 55% salè a.
  • Si pa rete fon sou Kont endividyèl Chomaj la, otomatikman y ap finanse pèman yo ak Fon Solidè Chomaj la. Konsilte tablo yo suiv pou kalkile montan yo.
  • Travayè ki nan sispansyon kontra travay lè otorite yo bay lòd pou sa, oubyen ki nan Pwoteksyon Pou pran swen timoun, kapab resevwa jiska 19 pèman Asirans Chomaj la nan Fon Solidè Chomaj, e dat limit pou resevwa lajan sa yo se 6 oktòb.
  • Yonfwa travayè a rive nan senkyèm e dènye pèman an, patwon an dwe fè yon lòt sispansyon travay si toutfwa li pa rekòmanse travay la.
  • Apati sizyèm pèman an, y ap reyalize kalkil la sou baz 45% mwayèn dènye salè travayè a avèk yon kantite maksimòm $436.547 e yon kantite minimòm $234.000.

Deklarasyon

La a ou kapab telechaje deklarasyon jire ou dwe siyen lè w ap enskri nan AFC travayè ki fè sispansyon kontra travay lè otorite yo bay lòd pou sa oubyen lè gen akò sispansyon travay.