Sispansyon tanporè kontra travay la

Sispansyon tanporè kontra travay la vle di travayè a pap fè sèvis ki di nan kontra a e patwon an bò kote pa l pap peye salè a.

Ki sa k gen nan benefis sa a?

Travayè yo kapab gen aksè ak salè yo pa mwayen asirans chomaj la lè patwon ki gen aktivite yo ki afekte nèt oubyen anpati poutèt restriksyon sanitè akoz pandemi Covid-19 la, aksepte fè sispansyon kontra travay poutèt youn nan sitiyasyon sa yo:

Ki kondisyon travayè yo dwe ranpli?

  • Ou dwe afilye nan asirans chomaj la.
  • Ranpli youn nan 2 kondisyon sa yo:
    • Ou dwe gen 3 kotizasyon ki peye youn dèyè lòt nan asirans Chomaj la nan 3 dènye mwa tousuit anvan sispansyon kontra travay la.
    • Ou dwe gen omwen 6 kotizasyon youn dèyè lòt oubyen nenpòt jan pandan 12 dènye yo, ladan yo, omwen 2 dènye yo dwe avèk menm patwon an nan 2 dènye mwa tousuit anvan sispansyon kontra travay la.

Ki travayè ki pa gen aksè ak benefis yo?

  • Travayè sa yo ki pa enskri nan asirans chomaj la pap ka gen aksè ak benefis asirans chomaj la:
  • Travayè endepandan. 
  • Travayè k ap travay san kontra.
  • Anplwaye piblik ak fonksyonè lame ak lòd.
  • Pansyonè (eksepte andikap anpati)
  • Travayè ki poko gen 18 an.
  • Travayè ki gen kontra pou fè staj.

Travayè sa yo tou pap ka gen aksè:

  • Travayè ki te fè akò ak patwon yo pou yo kontinye travay aprè lwa a te antre an fonksyon. 
  • Travayè k ap resevwa sibvansyon pou andikap travay, kèlkeswa rezon oubyen tip pèmisyon pou maladi a.

Demann sispansyon travay: Ki jan sa fèt?

Patwon an kapab konplete demann sispansyon kontra travay la, keseswa lè otorite yo bay lòd pou sa, oubyen pou akò antant ak travayè yo, oubyen pou lwa pwoteksyon pou pran swen timoun ak nouvo pwoteksyon an (pwolonjman ijans aprè akouchman), pa mwayen pa sa yo:

  • Antre sou sitwèb pactos.afc.cl
  • Antre avèk menm non itilizatè e menm kòd sekrè “Previred” la.
  • Seleksyone kategori sispansyon an: akò antant ak travayè yo, akò lè otorite yo bay lòd la, akò lwa pwoteksyon pou pran swen timoun oubyen nouvo a.
  • Mete enfòmasyon pèsonèl ak enfòmasyon yo mande sou travayè ki fè sispansyon yo.
  • Konplete epi siyen deklarasyon jire a.
  • Tann repons w ap resevwa nan yon delè maksimòm 4 jou ouvrab. Nan ka nouvo pwoteksyon an, delè pou jwenn repons se 10 jou.

Sa pou pa bliye!

Ann akò ak kantite travayè ki nan antrepriz la, patwon an ka chwazi youn nan 2 opsyon sa yo pou l fè demach la nan pactos.afc.cl:

  • Pou lis ki gen mwens pase 200 travayè: opsyon fòmilè ekri alamen.
  • Pou lis ki gen anpil travayè: y ap antre yon achiv selon enstriksyon ki sou platfòm nan. Patwon an dwe konplete dokiman an kòrèkteman pou l ka evite refi.

Gade videyo ki montre jan sa fèt. Ki jan pou fè enskripsyon travayè ki nan sispansyon kontra travay nan yon lis ki
gen anpil travayè?

Demann sispansyon travayè a

Menmsi se patwon an ki dwe fè demann sispansyon an, afilye a ap kapab fè yon demann pou l benefisye Lwa pwoteksyon travay la, toutpandan patwon an dakò ak sa e li ranpli kondisyon yo mande yo.

Pa pou suiv:

  1. Verifye si w ranpli kondisyon pou jwenn aksè sispansyon kontra travay toutpandan w ap antre nan espas pou travayè avèk “rut” ou e kòd sekrè biwo anliy AFC Chile a. Si w pa gen modpas la, ou kapab mande l oubyen rekipre l nan biwo anliy.
  2. Ale nan fenèt “Sispansyon Kontra” epi mete enfòmasyon pèsonèl ou nan espas “Nouvo demann”.
  3. AFC ap enfòme patwon an ki dwe fè sispansyon an toutpandan li ranpli tout kondisyon ki vin aprè yo:
    • Afilye a pa dwe ap fè sèvis ki nan kontra a e patwon an pa dwe peye salè a
      pandan peryòd akò a.
  4. Patwon an dwe siyen yon deklarasyon jire pou l ka ranpli sa lwa a mande.

Espas pou travayè

Sou sit sa a afilye a ap kapab:

  • Antre demann sispansyon an toutpandan li ranpli kondisyon yo.
  • Konsilte detay ak sitiyasyon akò sispansyon ki egziste a avèk “rut” ou, “rut” antrepriz la oubyen kòd yo te voye bay patwon an.
  • Telechaje sètifika ki montre w ap resevwa pèman pou akò sispansyon kontra.
  • Antre nan espas pa w nan: https://pactos.afc.cl/consultaestado/#/

Ki jan pou elimine demann sispansyon travay la?

Patwon an dwe antre nan pactos.afc.cl epi modifye dat fen sispansyon ki deja fèt la.

Li kapab mande pou yo anile yon sispansyon nèt nan ka sa yo:

  • Chanjman tip akò sispansyon travay la: Patwon an mande pou chanje kategori akò a. Pa egzanp, chanjman akò antant ak travayè a pou akò lè otorite yo bay lòd pou sa, oubyen pou akò rediksyon jounen travay.
  • Travay la rekòmanse: Ka sa a vle di akò a anile piske travayè yo dwe rekòmanse travay, keseswa paske yo aksepte fè yon antant ak patwon an oubyen paske dekrè otorite ki te bay lòd ki te pèmèt sispansyon an rive nan bout li.
  • Fen relasyon travay la: Lè antrepriz la revoke travayè yo aprè dat kòmansman akò a pou nenpòt rezon ki etabli nan Kòd travay la.

Sa pou konsidere anvan yo anile yon akò:

  • Yonfwa dat akò a rive nan bout li, l ap elimine san posibilite pou l reyaktive. Si sa nesesè, y ap kapab fè yon lòt.
  • Sèlman yo kapab modifye dat fen akò ki egziste a.
  • Dat fen akò a pa kapab:
    • Anvan dat kòmansman akò a, ni aprè dat dènye pèman ki pwograme a.
    • Anvan dat dènye pèman an.
    • Modifye lè akò a deja kòmanse peye (4 jou anvan dat yon vèsman).

Ki jan pou retounen sou desizyon pou fè sispansyon kontra?

Patwon ki retounen sou desizyon pou l fè sispansyon rann li nil, sa vle di sa ka anile konplètman enskripsyon youn oubyen tout travayè yo. Nan ka sa a, patwon an dwe remèt tout lajan ki deja peye yo.

Verivye nan pdf sa a tout sa w dwe fè pou retounen sou desizyon pou fè yon sispansyon.

Telechaje achiv pdf la