Lwa Pwoteksyon Pou Pran Swen Timoun

Lwa (N° 21.247) Pwoteksyon Pou Prans Swen Timoun nan bay afilye yo 2 tip benefis nan Asirans Chomaj la:

Sispansyon Kontra

Pou papa ak manman oubyen moun k ap pran swen yon timoun ki gen laj pou ale lekòl (ki fèt apati 1 ye janvye 2013), e ki pap itilize okenn pèmisyon paran aprè akouchman.

Anplis de sa, gadri, jaden-danfan ak lekòl timoun nan dwe fèmen tanporèman poutèt dispozisyon otorite yo pran nan kontèks pandemi COVID-19 la.

Verifye plis enfòmasyon nan Sispansyon Kontra Travay pou Pwoteksyon Pou Pran Swen Timoun

Pwolonjman pèmisyon aprè akouchman an

Lwa sa a pèmèt yo pwolonje pèmisyon prevansyon paran pou maladi a jiska 30 jou avèk posibilité pou renouvle l jiska 2 fwa pou tout moun ki gen yon pèmisyon paran aprè akouchman ki ekspire apati 18 mas 2020 e jiska dènye jou eta-syèj ki an fonksyon selon konstistisyon an.

Ni travayè depandan ki afilye nan Asirans Chomaj la, ni sa ki endepandan ak ni fonksyonè piblik yo kapab gen aksè ak benefis sa a.

Yo dwe fè demann nan sou sit Direksyon Sekirite Sosyal la (SUSESO).

Lwa 21.247 Pwoteksyon Pou Pran Swen Timoun nan etabli benefis pou papa, manman ak moun k ap pren swen timoun.

Lwa ki te an fonksyon an fini 6 oktòb. Aprè dat sa a, yo pap ka reyalize demann sispansyon travay ankò. Travayè ki t ap jwenn benefis sispansyon yo ap resevwa pèman ki rete yo jiska dat sa a. Espas pactos.afc.cl la ap disponib pou modifye metòd pèman yo, konsilte demann yo e mande sètifika benefis ki resevwa yo.