Lwa Aksè Fleksib

Li modifye tanporèman kondisyon pou ka gen aksè ak Asirans Chomaj la e l ogmante kantite vèsman Lwa N° 19.728 la.

Li amelyore tou benefis Lwa Pwoteksyon Travay (N° 21.227) la, e li ogmante kantite lajan sispansyon travay la ann akò ak pousantaj e kantite vèsman ki etabli nan nouvo lwa sa a.

Li ajoute tou posiblite pou fè retrè total fon Kont Endividyèl Chomaj la, anba kèk kondisyon.

Lwa sa a ap an fonksyon jiska 6 septanm 2021 e li ka pwolonje pa mwayen yon dekrè siprèm Ministè Travay ak Previzyon Sosyal, ak Ministè Trezò Piblik pwononse.

Aksè ak Asirans Chomaj Fleksib la

Ou kapab jwenn li si w pap travay e w gen omwen 3 kotizasyon ki peye youn dèyè lòt anvan dat travay la fini a oubyen 6 kotizasyon nan 12 dènye mwa yo. De dènye kotizasyon yo dwe youn dèyè lòt avèk menm patwon an anplis de sa yo dwe deklare epi peye (anvan mwa travay la fini a). Ou dwe gen yon dokiman ki montre w pap travay. Plis enfòmasyon nan Kondisyon pou kapab touche asirans chomaj la.

Pou kapab fè demann nan, ale nan Biwo anliy.

Retrè total fon Kont Endividyèl la

Si w pap travay e w pa gen kotizasyon ki peye pandan 2 dènye mwa yo e w gen lajan sou kont AFC a men w pa ranpli kondisyon pou kapab touche asirans chomaj la, ou kapab fè retrè tout lajan ki sou kont lan san w pa bezwen okenn dokiman ki montre w pap travay.

Pou kapab fè sa, antre nan Retrè total fon yo.

Asirans Chomaj ou: Pi fasil e avèk mwens kondisyon

Pa mwayen videyo sa a, ou kapab konnen benefis Lwa ki rann aksè ak asirans chomaj la fleksib e ki amelyore avantaj yo, anplis nouvo kondisyon yo ou ka konnen tou ki jan pou fè demann pou ka gen aksè ak li.