Sispansyon kontra travay pou Pwoteksyon pou pran swen timoun

Lwa ki te an fonksyon an fini 6 oktòb. Aprè dat sa a, yo pap ka reyalize demann sispansyon travay ankò. Travayè ki t ap jwenn benefis sispansyon yo ap resevwa pèman ki rete yo jiska dat sa a. Espas pactos.afc.cl la ap disponib pou modifye metòd pèman yo, konsilte demann yo e mande sètifika benefis ki resevwa yo.

Li fèt pou papa, manman oubyen moun k ap pran swen yon timoun ki nan laj pou lekòl preskolè e ki afilye nan asirans chomaj la.

Patwon an bò kote pa l dwe pèmèt travayè a fè demann nan pou l ka jwenn benefis lwa sa a e li pap ka neglije l sa.

Ki benefis sa ye?

  • Aksepte fè Sispansyon Kontra Lwa Pwoteksyon Travay la
  • Kontinye resevwa yon pousantaj salè a, ki kòmanse ak yon 70% nan premye vèsman an epi k ap redui selon tablo referans Lwa Pwoteksyon Travay la: ant dezyèm pèman an ak senkyèm nan, y ap peye 50% mwayèn salè a, e depi sizyèm vèsman an 50% oubyen 45% selon fon ki disponib pou finansman an.
  • Lòt benefis Lwa Pwoteksyon Pou Pran swen timoun nan se pwolonjman pèmisyon aprè akouchman an pou 30 jou ak posiblite pou renouvle l jiska 2 fwa. Yo dwe fè demann benefis la pa mwayen Direksyon Sekirite Sosyal nan www.suseso.cl.

Kondisyon pou gen aksè ak benefis la

  • Ou pa dwe ap itilize okenn pèmisyon paran aprè akouchman.
  • Timoun nan dwe fèt apati 1 ye janvye 2013.
  • Gadri, jaden-danfan oubyen lekòl timoun nan ye a dwe fè femen tanporèman poutèt dispozisyon otorite yo pran nan objektif pou kontwole pandemi Covid-19 la.
  • Travayè a dwe ranpli kondisyon lwa pwoteksyon travay la pandan peryòd li an fonksyon an.

Demach pou fè

  • Sispansyon kontra travay:
    • Patwon an dwe enskri nan pactos.afc.cl avèt “rut” e kòd sekrè “previred” la.
    • Travayè a ka fè demann nan dirèkteman nan espas pou travayè yo, si aprè 2 jou ouvrab li fin kominike patwon an l ap itilize dwa sa a e l prezante tout dokiman yo, men patwon an pa fè okenn demanch.

Nouvo benefis ki konplete Lwa Pwoteksyon Pou pran swen timoun nan

Gen nouvo benefis ki konplete e ki modifye Lwa Pwoteksyon pou pran swen timoun nan avèk objektif pou sipòte travayè ki te itilize yon pèmisyon prevansyon paran (ijans aprè akouchman).

Si travayè a twouve l nan yon sispansyon travay pou Pwoteksyon pou pran swen timoun e l te itilize omwen yon pèmisyon prevansyon paran pou maladi apati 18 mas 2020, l pa kapab chwazi fè nouvo benefis sa a.

Verifye plis enfòmasyon sou nouvo Lwa Pwoteksyon pou pran swen timoun nan