Mwen se etranje e m pa gen kat idantite

Verifye ki sa w ap bezwen pou ka afilye nan Asirasn Chomaj la e ki jan w ka fè demann benefis la si w pa gen dokiman sa a.

Se devwa patwon an pou l anonse kòmansman yon relasyon travay, depi kontra a anba règleman Kòd Travay la oubyen anba règleman Asistan Edikasyon piblik yo oubyen si se yon moun k ap travay kay moun. Nan ka kote travayè a pa gen kat idantite, patwon an ap itilize “NIC” travayè a (nimewo idantifikasyon pou kotize) pou l ka fè afilyasyon an.

Sa pou pa bliye:

Si w te travay anvan w te gen kat idantite chilyen, li pwobab pou gen lajan disponib ki koresponn ak kotizasyon ki pa t abone sou Kont Endividyèl ou a kòrèkteman. Pou evite sitiyasyon sa a ou dwe:

  • Voye yon kopi oubyen yon foto kat idantite a bay migrantes@afc.cl yonfwa ou genyen l.
  • Antre nan biwo anliy pou afilye yo avèk “Rut” ou oubyen “NIC” ou epi ale kote ki di “Rezagos”. Si gen lajan pou yo remèt ou, fè demann nan epi y ap abone lajan sa yo sou kont Endividyèl Chomaj ou a depi sa koresponn.

Si w deja afilye nan Asirans Chomaj la, ou kapab antre nan Biwo anliy avèk “Rut” ou oubyen “NIC” ou, kòd sekrè a oubyen “ClaveÚnica” leta a. La a w ap kapab revize kantite lajan ki sou kont ou, woulman ki fèt sou kont lan, verifye si yo byen peye kotizasyon yo, mete enfòmasyon pèsonèl yo ajou epi fè demann Asirans Chomaj la.

Si kat idantite w ekspire

  1. Ann akò ak lwa n° 21.325 migrasyon ak imigrasyon, atik 43 a di, tout kat idantite etranje yo ap toujou ajou depi yo ka pwouve yo gen yon demann viza oubyen rezidans ki an pwosesis oubyen jiskaske otorite migrasyon an reponn demann nan.
  2. Pou w kapab montre kat idantite a ajou, nan moman w ap fè demann asirans chomaj la, ou dwe montre papye ki pwouve w an pwosesis pou fè demann chanjman oswa pwolonjman viza Depatman imigrasyon ak migrasyon Ministè enteryè ak sekirite piblik ba ou.
  3. Si w pa gen kat idantite ou kapab prezante paspò e nimewo idantifikasyon pou kotize a (NIC) oubyen ou kapab fè yon manda kay notè pou kapab bay yon lòt moun fè sa pou ou.