Èske m gen dwa ak Asirans Chomaj la si m se yon etranje?

Konnen ki kondisyon w dwe ranpli ak ki dokiman w ap bezwen pou ka fè demann asirans chomaj la.

Etranje yo kapab jwenn aksè ak asirans Chomaj la menm jan ak tout travayè ki afilye yo depi yo ranpli kondisyon ki vin aprè yo:

  • Yo dwe afillye nan Afc Chile.
  • Yo dwe gen yon kontra ki anba règleman Kòd Travay la ak anba règleman Asistan Edikasyon Piblik yo nan moman travay la kanpe a oubyen si yo se moun k ap travay kay moun.
  • Nan ka kote yo pa ta genyen kat idantite chilyen, AFC Chile ap kreye yon Kont Endividyèl Chomaj avèk enfòmasyon AFP bay la (rut pwovizwa), yo ka verifye kont sa a nan Biwo anliy afilye avèk “NIC” yo ki se nimewo idantifikasyon pou kotize. Verifye plis enfòmasyon nan paj sa a.

Enfòme w sou kondisyon w dwe ranpli ak ki dokiman w ap bezwen pou ka jwenn benefis Asirans Chomaj la