Si w se benefisyè oubyen w se eritye, aprann ki jan w ka retire fon yo

Enfòme w sou demach enskripsyon benefisyè yo ak eritye yo nan ka lanmò afilye a.

Si w anrejistre kòm benefisyè e w ta renmen retire lajan an, w ap bezwen prezante nan nenpòt biwo AFC Chile avèk kat idantite w, sètifika desè afilye a epi konplete demann Retrè Fon pou Lanmò a. 

Sonje, si gen plis pase yon benefisyè ki anrejistre, y ap remèt yo lajan an selon pousantaj afilye a te etabli a.

Ki sa k ap rive si afilye ki mouri a pa t anrejistre okenn benefisyè?

Nan ka sa a, AFC Chile ap reyalize pèman an selon kantite lajan ki disponib sou kont endividyèl chomaj la:

  • Si l pi piti pase 5 UTA (yo kalkile l nan mwa afilye a mouri) y ap reyalize pèman an nan lòd sa a:
    • Konjwen oubyen moun ki t ap viv avè l.
    • Si pa gen konjwen, y ap bay pitit lejitim yo oubyen pitit deyò maryaj yo. Si timoun yo poko majè y ap peye manman yo oubyen papa yo, e si toutfwa yo pa gen papa ak manman y ap peye moun ki pwouve yo se responsab oubyen k ap pran swen yo.
    • Si pa gen youn nan moun sa yo, y ap bay paran yo.
  • Si l plis pase 5 UTA, y ap mande rezolisyon pou resevwa eritaj tribinal jistis bay moun ki eritye a. Nan ka fanmi pwòch ki pa eritye yo, yo menm tou yo ka retire tout lajan ki sou kont lan toutpandan y ap prezante yon rezolisyon pou resevwa eritaj, kèlkeswa kantite ki sou kont afilye a.

Nan fason sa a, kèlkeswa moun nan, si se pa afilye a ki te chwazi l anvan l mouri, nan kèlkeswa lòd nou te site anvan an, dwe prezante dokiman sa yo:

  • Rezolisyon pou resevwa eritaj tribinal lajistis bay.
  • Rezolisyon sèvis eta sivil ak idantifikasyon oubyen rezolisyon pou resevwa eritaj ki enskri nan rejis Pwopriyete Konsèvatè Byen Imobilye. Nan toulede dokiman yo, yo dwe mete kantite lajan ki rasanble sou kont AFC a.
  • Kat idantite ki ajou: Kat idantite ki ekspire an janvye oubyen fevriye ane 2020,2021 ak 2022 ap pwolonje jiska menm dat ak menm mwa ki parèt nan dokiman nan, nan ane 2023.
  • Sètifika desè afilye a.

Sa pou pa bliye:

Ki dokiman yon moun dwe prezante pou l kapab pwouve l se yon eritye?

Konjwen oubyen moun k ap viv avèl legal la Sètifika maryaj la oubyen sètifika inyon sivil nan yon dat ki aprè dat lanmò afilye a. Dokiman sa a dwe fèt yon jou anvan oubyen menm jou demann retrè fon yo.
Pitit Batistè ki montre byen klè non papa ak manman e sètifika desè papa oubyen manman afilye a.
Paran (Papa ak Manman) Batistè afilye a ki montre byen klè non papa l ak manman l. Si youn nan paran yo mouri anvan sa, yo dwe prezante sètifika desè ki korepsonn nan.

Ki jan pou jwenn sètifika ki bay kantite lajan ki sou kont afilye a?

Si w ta renmen konnen kantite lajan ki sou kont afilye ki mouri a, kòm eritye ou dwe prezante:

  • Sètifika desè afilye a eta sivil bay.
  • Sètifika ki montre w se yon fanmi oubyen yon dokiman ki pwouve relasyon w avèk afilye a.